REFERANS BIBLIK
LEVITIK 23:4 & 37
4 Men jou pou nou fè fèt pou Seyè a, jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men dat pou nou reyini pèp la pou fèt yo:
37 Men fèt pou nou fete pou Seyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li.
ESTE 9:27-31
27 jwif yo make dat sa a pou yo toujou fè fèt jou sa yo. Yo pran angajman pou yo, pou pitit yo ak pitit pitit yo, ak pou tout moun ki ta vle fè yo jwif, pou chak lanne lè de jou sa yo rive pou yo toujou fè fèt jan Madoche te ekri l' la. 28 Yo bay lòd pou tout jwif yo, nan tout branch fanmi, nan tout lavil, nan tout peyi toujou chonje jou sa yo pou yo fè gwo fèt lè sa a, depi sa ki la koulye a jouk ras la va kaba. Se pou jwif yo make jou chans sa yo, pou yo pa janm bliye yo, lèfini pou pitit pitit yo ka toujou chonje jou sa yo. 29 Apre sa, larenn Estè, pitit fi Abikayil la, mete tèt ansanm ak Madoche, li ekri yon lèt pou di jan li dakò. Se konsa, li bay premye lèt Madoche te ekri sou jou chans sa yo plis fòs toujou. 30 Yo voye lèt la bay tout jwif nan sanvennsèt (127) pwovens peyi wa Asyeris la. Lèt la te mande pou jwif yo te viv ak kè poze san fè kont. 31 Lèfini, li mande yo pou ni yo ni pitit yo, ni pitit pitit yo, pou yo toujou fete jou chans sa yo lè dat la rive, jan Madoche ak larenn Estè te bay lòd la, menm jan yo te swiv lòd yo te bay pou fè jèn epi pou yo te leve men yo nan syèl pou plenn sò yo.
JIBILE 6:30-31
30. tout jou ki vini apre lòd la se 52 semèn . Se te tout lanne-a ; Sa a te grave e òdone sou tablèt yo nan syèl la
31. Nanpwen okenn neglijans [pou commandman sa a] pou yon ane ni nan ane apre ane.
ENÒK 72:32
32. Se nan tan sa a, nwit la diminye, li vinn 9 pati tou kòm lajounen. Yo egal epi ane-a gen egzakteman 364 jou. (Ekinoks)
ENÒK 74:12
12.Lalin lan pote tout ane sa yo egzak selon pozisyon yo pou tout tan. Yo pa avanse oswa retade nan yon jou, men yo (lalin yo) chanje ane a ak yon regilarite absoli chak 364 jou.
RETOUNEN NAN 3D/3N