RESANSMAN 28:16-18
16 Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. 17 Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. 18 Sou premye jou a, n'a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.
EGZOD 34:18
18 Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
JIBILE 6:30-31
30. e tout jou òdonans yo antotal egal 52 semèn e sa vle di se yon ane okonplè ;pawol sila grave e odone sou tablèt nan syèl la.
31. e pa dwe gen neglijans a komandman sila pou yon sèl ane oubyen ane apre ane.
RETOUNEN NAN TAN AN
Sak pase nan 2yèm jou:  LIK 23:54-56
54 Se te yon jou vandredi, repo a tapral kòmanse. 55 Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li. 56 Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.
DETERONOM 5:13
13 N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè.
MAT 27:62-65
62 Nan denmen, ki vle di jou repo a menm, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale bò kot Pilat. 63 Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan. 64 Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa msye leve soti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a. 65 Pilat di yo: Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a.
LÒT REFERANS BIBLIK nan 2yèm jou nan mwa ABIB la