1. Alò, Sisinnes, gouvènè peyi Celosyria ak peyi Phenice ansanm ak Sathrabuzanes avèk kanmarad li yo, dapre kòmandman Darius, 2. Yo te pran anpil prekosyon ak travay sakre yo lè yap ede ansyen nan Jews yo, ak gouvènè yo nan tanp la. 3. Se konsa, travay sakre yo te pwospere, menm jan Haggeus ak Zacharias pwofèt yo te bay mesag la. 4. Se konsa, yo te fè tou sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay yo lòd fè a, ansanm ak asistans wa Cyrus, Darius ak Artaxerxes, wa peyi Persia a. 5. Se konsa, nan fen sizyèm lanne rèy wa Darius, wa peyi Persia , se te nan venntwazyèm jou nan mwa Ada (12yèm mwa) tout travay nan tanp Bondye a te fini. 6. Lè moun pèp Izrayèl yo, prèt yo, moun Levi yo ak rès moun ki te nan kaptivite, yo tout, te konpote yo dapre entricksyon ki te ekri nan liv lwa Moyiz la 7. Lè sa a, pou yo finn fè sèvis pou Tanp Bondye a, yo ofri san towo (100) , desan ti mouton (200), kat san gwo mouton (400) 8. Douz kabrit pou peche pèp Izrayèl la, dapre kantite moun branch fanmi Izrayèlyo. 9. Prèt yo ak moun Levi yo parèt ak rad seremoni yo, dapre chak fanmi yo pou fè sèvis Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, dapre liv Moyiz la. Gad pòtay yo te pran plas yo nan chak pòtay.
Fèt Delivwans lan rive .
10. Moun pèp Izrayèl yo ki te tounen soti nan kaptivite, te selebre fèt Pasovè a nan katòzyèm jou nan premye mwa a. Sete konsa prèt yo ak moun
Levi yo te pirifye. 11. Moun ki te depòte yo pat tout sanktifye ansanm; men moun Levi yo te mete yo apa nèt pou Seyè a menm lè a,
12. Apre sa, yo ofri Pasovè po tout moun ki te soti nan kaptivite, pou prèt yo, pou frè yo e pou yo menn tou. 13. Moun pèp Izrayèl yo ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo te patisipe nan fèt Pasovè, yo te separe yo de abominasyon moun lòt nasyon yo pou pèmèt yo antre nan relasyon ak Letènèl. 14. Yo selebre fèt Pen san ledven an pandan sèt jou, y'ap fè lwang Seyè a 15. Se konsa, Li pèmèt gran konsèy ki antoure wa Lasiri genyen pi bon rapò ak yo; sa te bay yo plis fòs ak kouraj pou yo fè travay Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Chapit 8
Esdras rive lavil Jèrizalèm
1. Apre tout evènman sa yo, se te tou pa wa Artaxerxes,
pou’l gouvène peyi Persia. Sètaloke Esdras, pitit gason Saraias, pitit pitit Ezerias, ki li menm te pitit Eli, piti Salum lan. 2. Pitit branch fanmi Sadduc, ki se pitit Achitob, pitit Amarias, ki li m enm te pitit Ezias, pitit Memeroth, ki li menm te pitit Zaraias, pitit Savias, ki li menm te pitit Boccas, pitit Abisum, ki li menm te pitit Phenice. pitit gason Eliazar, pitit gason Aaron gwan Prèt la. 3. Esdras, map pale ou la, te byen fonde nan lalwa Moyiz la ke Letènèl te bay pèp Izrayèl la, li twouve’l lap kite Babylon, 4. Dapre konsta Wa a, se gras a Mesye ke te gen anpil favè nan demand ke’l te fè ki te reyalize. Pou tèt sa, Wa a te fè lwang li.
5. Esdras te gen akonpaye’l nan antre’l nan vil Jerizalèm kèk Izrayelit, prèt yo, moun Levi yo, chantè yo, gadyen potay yo, ak sèvitè nan tanp lan,
6. Se te nan setyèm ane sou rèy wa Artaxerxes, nan senkyèm mwa, yo kite vil Babylon toujou sou pwotèksyonLetènèl, nan premye jou nan premye mwa a yo.rive lavil Jerizalèm.
7. Esdras te gen yon konèsans apwofondi e egzak nan lwa ak nan konmandman Seyè a men li sèlman pale pèp Izrayèl la de regleman ak jijman yo.
Papye otorizasyon wa Atagzèsès te bay Esdras
8. Me yon kopi yon lèt otorizasyon ke wa Artaxerxes te ekri, e remèt Esdras, prèt e dòktè nan la Lwa a. 9. Wa Artaxerxes la voye yon gwo bonjou pou Esdras, prèt ak dòktè nan lwa Seyè a.
10. Mwen deside e konnyè a mwenybay lòd ke moun nan nasyon Jews la, prèt yo, Levit yo nan wayom nou an ki te vle, mèt ale nan vil Jerizalèm.
11. Mwen ak sèt manb konsèy mwen deside ke yo kapab ale ak ou si yo vle.
12. Kite yo voye je sou tou sa ki gen rapo ak Judaea e Jerizalèm dapre enstriksyon nan lwa Seyè a.
13. Lè sa a, ya mennen ak yo nan vil Jerizalèm pou Seyè a, kado ke mwen ak zanmi mwen yo nan konsèy la te pwomèt. Tout lò ak ajan ki te twouve Babylon, ya va enstale yo nan plas yo nan tanp Seyè Jerizalèm. 14. Ajoute a sa, tout sa moun pep israel la te bay nan lavil Jerizalèm pou tanp Seyè a, Bondye yo a, lajan ak lò va ranmase pou towo bèf yo ti mouton yo pou ak tout sa ya gen beswen. 15. De fason ke yo kapab ofri sakrifis sou lotèl la bay Seyè a, Bondye yo an nan vil Jerizalèm. 16. Itilize lò ak lajan nenpòt kèl jan oumenm ak kolèg ou yo jije bon dapre volonte Bondye ou lan.
17. Ajoute a sa, delivre vesèl sakre Seyè a ke ou te resevwa pou sèvis nan tanp Bondye ou lan nan vil Jerizalèm.
18 Nenpòt kèl depans ke ou oblije fè pou tanp Seyè a, ou kapab reklame’l nan trezò wayal la.
19. Mwen, wa Artaxerxes, bay trezorye vil Syria ak Phenice lòd pou yo bay Esdras, prèt la, dòktè nan lwa Tou Pisan an, tou sa li mande , pou yo bay li san delè.
20. Jiskake depans lan rive a 100 liv ajan , 100 sak ble, 100 bèf , 100 liv diven ak tout lòt beswen. 21. Pèmèt li fè ak dilijans, an lonè Bondye ki nan syèl la, tou sa Letènèl te mande demanyè ke kòlè Bondye a pa tonbe sou wayòm lan ak sou desan’lyo. 22. Ou egalman enfòme ke pap gen okenn taks ak enpo sou prèt yo, moun Levi yo, mizisyen apa pou Bondye yo, gad pòtay tanp yo, sèvitè nan tanp lan, oswa sou nenpòt bagay ki itilize nan tanp lan. Anplis de sa, pèson pa dwe fè okenn otorite yo pase sou yo. 23. Men ou, Esdras, avèk bon konprann Bondye, ou kapab nonmen jij ak majistra pou bay jistis nan peyi Syria ak Phenice tout moun ki konnen lalwa Bondye ou lan. Ou pèsonèlman dwe pran soukont ou pou montre moun ki pa konnen yo. 24. Kikonk dezobeyi lalwa Bondye a oubyen òdonans wa a dwe pou pini san pèdi tan, si se pa pèn lanmò oswa nenpòt ki lòt pinisyon, ya va peye taks e menm jete nan prizon.
Esdras fè lwanj Bondye
25. Alò, Esdras, dirèktè lalwa di: -Lwanj lan se pou Seyè a sèlman, Bondye zansèt mwen yo, ki te touche kè wa a, jouk li fè lwanj tanp li nan lavil Jerizalèm.
26 Li fè’m parèt gran devan wa a ak tout konseye’l yo san bliye tout zanmi’l yo ak notab yo ki antoure’l.
27. Se pou tèt sa, gras a Seyè a, Bondye mwen, mwen te gen kouraj pou mwen
rasanble Izrayelit yo pou yo fè chemen ak mwen.
Moun pèp Izrayelit yo ki te tounen lakay yo ak Esdras.
28 Me non chèf yo dapre fanmi yo ak tout tit yo ki te kite Babylon nan wayon Artaxerxes. 29. Nan fanmi Phenice yo ; Gerson : nan fanmi lavil Itamath, moun lavil Gamael : nan branch fanmi David: Lettus, pitit gason Sechenias. 30. Nan pitit Phares te gen Zacharias ; ak li nou konte 150 gasons 31. Nan branch fanmi Pahath, moun peyi Moab: Eliaonias, pitit gason Zaraias a, ki te gen desan gaswon avè’l (200). 32. Nan pitit gason Zathoe yo, Sechenias, pitit Jezelusl la, ansanm ak twasan(300) gason ; nan fanmi Adin, Obeth, pitit Jonathan. Li te gen desan sinkant(250) gason avè'l. 33. Nan pitit Elam yo, Josias, pitit gason Gotholias, ki te gen swasanndis gason (70) avè'l. 34. Nan pitit Saphatias yo, pitit Zaraias, ki li
menm te pitit Michael, ki te gen swasanndis gason(70) avè'l.
35. Nan pitit Joab yo, Abadias, pitit
Jezelus, ki li menm te gen desandouz gason(212) gason avè’l.
36. Nan pitit gason Banid yo, Assalimoth, pitit gason Josaphias, te gen santrant (130) gason avè'l.
37. Nan pitit gason Babi a yo, Zacharias, pitit gason Bebai a, ki te gen vent wit
(28), avè l .
38. Nan pitit gason Astath yo, Johannes, pitit Acatan yo ki te gen sandis (110) gason avè’l.
39. Nan pitit gason Adonikam, se te dènye yo ki te gen pou non : Eliphaletl, Jevèl ak Samaias. Ak yo te gen swasanndis (70 ), 40. Nan pitit gason Bago yo, Uthi, pitit Istalcurus, ak swasantdis(70) gason avè'l.
Esdras fè chache prèt ak moun Levi pou sèvi nan Tanp lan
41. Apre sa, mwen te rankontre avèk yo nan rivye yo rele Theras la, kote nou monte kan anba tant nou pandan twa jou, epi se la ke mwen ba yo direksyon. 42. Men, lè mwen realize ke prèt yo ak moun Levi yo pat la tou. 43. Mwen voye chache Eleazar, Iduel ,Masman. 44. Alnathan, Mamaias, Joribus, Nathan, Eunathan, Zacharias ak Mossolamon. Se te moun ki te gen bonjan repitasyon ak anpil konesans. 45. Apre sa, mwen òdone yo ke yal rankontre Saddeus, chèf la, ki tap siveye biwo trezò a. 46. Mwen bay yo lòd pou yo sa rankontre Dadaeus ak frè’l yo ansanm ak kèk trezorye kote sa a, pou yo kapab voye chache moun ki t'ap sèvi prèt yo nan Tanp Seyè a. 47. Se konsa ak enspirasyon Seyè ki gen tout pouvwa a, yo mennen bannou
ouvriye ki gen talan. Yo te soti nan fanmi Moli, pitit Levi, pitit Izrayèl la, Asebebia ak pitit gason’l yo ak tout fanmi’l yo. Yon totaldizwit (18). 48. Ajoute a sa te gen Asebia, Annuus, Osaias, frè li a, kèk nan pitit Channunues ak pitit pitit li yo. Yon total de ven (20) pitit gason . 49. Te gen tou kèk nan sèvitè wa David te òdone yo, san bliye moun ki te la pou sèvi Levite nan yo. Sete anviron desanven, (220) travayè nan Tanp lan ki te gen non yo la.
Esdras fè pèp la jene anvan yo pati
50. Sètalòke, mwen konvye jenn gason yo pou yo fè yon jenn devan Seye pou yo mande’l yon vwayaj agreab pou nou ak pou yo tou, pou timoun nouyo ak pou zannimo yo.
51.Paske mwen te wònt mande wa a pou sòlda ak kavalye, epi pou dirije gad kont advèsè nou yo.
52. Paske nou te di wa a ke pisans Seyè a, Bondye nou an, ap toujou ak moun ki gen konfyans
nan Li e l’ap toujou la pou bay pwotèksyon nan tout sikonstans. 53. E, yon fwa ankò, nou lapriyè nan pye Seyè a, li pwoteje nou jan nou mande’l la.
Kado pou Tanp la
54. Apre sa, mwen chwazi douz(12) moun nan prèt yo: Esebrias, Assanias ak dis lòt moun nan fanmi yo. 55. Mwen te evalye lò ak ajan ak veso sakre yo ki te sèvi nan tanp Seyè nou an ke wa a, konseye’l yo, prens yo, tout moun pèp Izrayèl yo to bay. 56. Apre mwen finn peze yo, mwen remèt yo sisan senkant (650) talan ajan, veso an ajan san (100), ak san (100) talan lò. 57. Ven (20) veso an lò, douz(12) veso an bronz, kalite siperyè tankou lò.
58. E mwen di prèt yo : Yo sakre pou Bondye tou kòm vesèl yo epi lò ak ajan se ofrann ke yo fè lide ofri bay Seyè a. 59. Voye je sou yo jouk lè nou rive nan chanb tanp Bondye a pou nou kapab remèt yo bay chèf prèt yo, Levit yo ak lidè fanmi Izrayèl yo nan vil Jerizalèm. 60. Sakrifikatè yo ak Levit yo ki te resevwa ajan, lò ak veso yo, te mennen yo nan vil Jerizalèm nan tanp Seyè a.
Pèp la tounen lavilJerizalèm
61. Nou te kite rivyè Theras, douzyèm jou nan premye mwa a, sou pwotèksyon Seyè . Nou rive Jerizalèm, Bondye te ak nou. Depi komansman vwayaj la, nou te santi fòs Seyè kap konbat lènmi an ki te vle detounen nou. E, se te konsa nou te twouve nou nan vil Jerizalèm.
62. Twa jou apre sa, nan katriyèm jou a, lò ak ajan ki te gen bonjan pwa te livre bay Marmòth, prèt la, pitit gason Iri a, nan Tanp Seyè a. 63. Eleaza, pitit gason Phinees, te avè'l. Te vini jwenn yo de (2) Levit, Josabad, pitit gason Jesus, ak Moeth, pitit gason Sabba. Yo konte e kalkile pwa tout livrezon an..
64. Tout enfòmasyon sa yo te anrejistre nan menm moman an.
65. Moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a te ofri bèt pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, douz towo bèf yo te bay pou tout pèp Izrayèl la,
katrevensèz (96) belye mouton. 66. Swasandouz (72) mouton, douz(12) kabrit pou peche yo te komèt; e se konsa tou yo te fè sakrifis pou Seyè a. 67. Yo remèt kòmandman wa a by trezorye’l yo, gouvènè Celosyria ak Phenice, epi yo bay pèp la onè li e yo glorifye tanp Bondye a.
Esdras aprann ke Jews yo marye ak moun lòt nasyon
68. Lè bagay sa yo finn fèt, chèf yo vinn jwenn mwen, epi yo di
69. Nasyon Izrayèl la, prèt yo ansanm ak Levit yo, yo pat rete lwen popilasyon etranje yo kap viv sou tè a ak tout koutim deprave yo te pote; mwen vle pale de Canaanites yo, Hittites yo, Perizzites yo, Jebusites yo, Maobites yo, Egyptians yo, Edomites yo. 70. Paske yo menm ak pitit gason yo te marye ak pitit fi pèp sila yo; sètalòke semans sakre a te vini mangonmen ak moun etranje sa yo ki sou tè a; e se konsa otorite yo ak gwo zotobre yo te nan vyolasyon lwa sila depi byen okomansman. 71. Apèn mwen tande pawòl sa yo, mwen dechire abiman'm ansanm ak vètman sakre mwen yo, mwen rase bab mwen ak tout cheve nan tèt mwen epi mwen chita nan yon latwoubra’l. 72. Lè sa a, moun ki te touche pa pawòl Seyè Izrayèl la, vini rasanble yo toutotou mwen ki tap plenyen de lwa yo ki te meprize a, e mwen twouve'm la nan mizè mwen, jouk moman sakrifis nan aswè a rive. 73. Alò, mwen soti nan jenn mwen an ak abiman mwen e vètman sakre mwen yo; mwen mete jenou'm a tè, mwen lonje de men'm bay Seyè a. 74. Mwen di: O, Seyè, mwen santi mwen kouvri ak lawont ak konfisyon nan presans ou. 75. Paske pakèt peche nou yo tèlman anpil ke yo kouvri tèt nou ; Iyorans peche nou yo rive jouk nan syè’l la. 76 . Depi soti nan epòk zanzèt nou yo, dezobeyisans nou yo, jouk konnyè a, nou pat janmen kouvri ak peche konsa. 77. Akòz de peche nou, peche zanzèt nou yo, nou, ansanm ak frè nou yo, wa nou yo ak prèt nou yo, nou te twouve nou livre bay wa kap domine tè a pou yo kapab touye nou, fè nou prizonye, piye nou san pale de imilyasyon nou jwenn jouk jounen jodiya.
78. E, konnyè a, Seyè, gade jan ou gen pitye pou nou.
Nou toujou gen yon rasinn ak yon non nan sanktyè ou la. 79. E ou fè nou jwenn yon briyan limyè nan kay Seyè nou an,
san pale de nouriti ke ou bannou lè nou te nan èsklavaj. 80. Menm kant nou te èsklav, nou pat abandone pa Seyè nou an ;
paske li enspire Wa Persia bonkonprann jouk li bannou manje. 81. Ajoute rayonman nan Tanp Seyè
a, fè rèstorasyon winn Sion, pèmèt nou byen etabli nan vil Judaea ak nan vil Jeruzalem. 82. E konnyè a, Seyè, ki sa nou ka di, nou ki resevwa
tout favè sa yo? Dayè, nou dezobeyi kòmandman ke ou te transmèt nou nan bouch sèvant ou yo, pwofèt yo lè ou di nou. 83. "Peyi nou pral pran pou nou an, kòm eritaj pa ou, se yon peyi ki souye ak zak mechanste pèp payen yo ki ranpli'l ak salte. 84. Pa marye pitit tifi nou ak pitit gason yo, ni pa aksèpte pitit fi yo pou pitit gason nou. 85. Pa janmen eseye fè lapè ak yo, si ou vle gen fòs, si ou vle jwi tout richès sa yo ki nan mond lan jouk ou va gen mwayen pou pran posesyon yo pou pitit ou,pou tout tan. 86. Tout soufrans ki tonbe sou nou, se konsekans zak mechanste nou yo ak gwo peche nou yo. O, Seyè, ou aleje doulè peche nou yo. 87. Anplis de sa ou bannou yon rasinn ki vrèman solid, malgre tou, nou te twouve nou flechi ankò lè nou meprize lwa ou yo nan adòpte koutim payen yo ki abitesou tè a ak nou. 88. Seyè, èske ou ta tèlman fache kont nou pou detwi nou jouk ou ta kite nou san rasinn, san semans e san nou. 89. O, Seyè pèp Izrayèl la, ou se verite paske yon rasinn te konsève pou pou nou jouk jounen jodi a. 90. Gade nou, konnyè a, devan ou ak peche nou yo; paske sa nou te fè yo, pa pèmèt nou kontinye genbe tèt nou dwat devan ou.
Esdras anile tout maryaj Jews ak moun lòt nasyon
91. Alò ke Esdras, dlo nan je'l, blayi sou tè a, tap lapriyè e fè konfesyon'l devan tanp lan, yon foul moun, gason, fanm, jenmoun ki tap viv Jerisalem, yo te vinn jwenn li. Lamantasyon te touche tout moun. 92. Se konsa, Jechonias, pitit Jeelus yon nan Izrayelit yo vinn deklare bay Esdras: Nou peche kont Seyè a, lè nou marye ak fanm etranje ki soti nan popilasyon payen yo ki sou tè a nap viv la; malgre tou, gen toujou èspwa pou Izrayèl. 93. Annou jire devan Seyè a pou nou ranvwaye tout madanm nou yo ki sotinan ras etranje yo ak tout pitit yo. 94. Dapre jijman pa ou e se jijman pa tout moun ki obeyi a lwa Seyè a. 95. Vinn non, ouvri dosye sila, li nan men ou; aji ak fòs otorite ou e nou avek ou. 96. Se konsa, Esdra leve kanpe, li mande otorite yo, prèt yo ki reskonsab sèvis la ansanm ak moun Levi yo nan tout pèp Izrayèl la pou yo fè sèman an sou sa yo te mande l 'fè a ; epi yo sèmante sou li.
Chapit 9
1. Lè sa a, Esdras soti nan lakou tanp lan, li ale lakay Joanan, pitit Eliasib la. 2. La,li rete la, san manje, san bwè, li tap plenyen pou tout gwo peche yo li konstate. 3. Se lè sa a, te gen yon pwoklamasyon nan vil Judah ak nan vil Jerizalèm pou anonse rasanbleman tout Izrayelit yo ki te nan kaptivite e ki tounen nan lavil Jerizalèm. 4.Tout moun ki pa t 'kontre nan de ou twa jou, dapre lòd ansyen yo ki tap dirije a te bay, yo ta gen pou wè twoupo nan patiraj yo non sèlman konviske men ankò mete a disposisyon tanp lan. Ajoute a sa, yo ta wè yo expilse nan kominote a moun ki te depote yo . 5.wa jou, se te ventyem jou nan nevyèm mwa a, tout moun nan branch fanmi Judah ak nan branch fanmi Benjamen an te twouve yo ansanm nan lavil Jerizalèm,. 6. Yo tout te chita ansanm sou gwo plas piblik, anfas tanp lan, yo tap tranche paske fredi a te komanse déjà. 7. Lè sa a, Esdras leve, li di yo konsa: Nou menm, nou pa rèspèkte lalwa yo paske nou marye ak fanm etranje. Se konsa nou ogmante plis peche sou dopèp Izrayèl la. 8.Koulye a, rekonèt peche nou epi bay Seyè a, Bondye zansèt nou yo glwa. 9. Fè volonte l ' epi separe nou de nasyon etranje yo, pran distans nou de fanm etranje ke nou te pran pou madanm nou 10. Tout foul moun yo reponn nan yon sèl vwa : Nap fè sa ou mande nou fè a. 11. Men, yo di, nou anpil epi nou pa kapab rete kanpe nan fredi a. Se pa yon ti safè, se pa yon bagay ki ka regle nan yon a de jou. Peche sila se yon peche ki gaye
12. Apa pito chèf fanmi yo rete isi a epi tout moun nan fanmi yo ki te gen fanm etranje ak yo, ansanm ak lidè yo, jij yo va reponn a yon invitasyon nan yon dat fiks. 13. Jouk na fini pa tounen kòlè Letènèl la kont nou. 14. Apre sa, Jonathan, pitit gason Azael, ak Ezechias, pitit gason Theocanus a, pran mesaj la sou rèkonsabilite yo. Mosollam, Levis ak Sabbatheus te ede yo nan travay la. 15.Tout moun ki te depòte yo te fè tout sa yo te mande yo fè a. 16. Apre sa, Esdras, prèt la, te chwazi chèf fanmi yo dapre non yo. Se konsa nan premye jou dizyèm mwa a, yo te reyini ansanm pou yo egzamine sitiyasyon chak moun.. 17. Alò, nan premye jou premye mwa, yo te fini pa egzamine ka chak moun ki te marye ak fanm lòt nasyon yo. 18. Men non prèt yo ki te prezan e ki te gen fanm etranje ak yo : 19. Pitit gason Jesus yo, pitit gason Josedec ak frè’l yo, Matthelas, Eleazar, Joribus ak Joadanus 20. Yo pran rèskonsabilite yo e menm lè a tou yo konsanti pou yo voye madanm pa yo ale. Ajoute a sa, yo ofri mouton, belye pou rekonsiliasyon yo ak Bondye pou tout peche yo. 21. Nan fanmi Emmer yo, te genyen : Ananias, Zabdeus, Eanes, Samerius Hierel ak Azarias. 22. Nan fanmi Phaisur, Ellionas, Massias, Izmayèl, Natanael, Oridelus ak Talsas. 23. Nan fanmi Levi yo te genyen: Jozabad,e , Semis, Colius, yo te rele tou Kalitas,e Patheus,e Judas, e Jonas 24. Nan chantè yo te genyen: Eleazurus ak Bacchurus. 25. Nan gadyen pot yo te genyen : Salumus ak Tolbanès. 26. Nan rès moun pèp Izrayèl yo te genyen; fanmi Phoros, Hiermas, Eddias, Melchias, Maelus, Eleaza, Asibias ak Baanias. 27. Nan branch fanmi Ela a te genyen Matanyas, Zakarias , Hierielus, Hieremoth ak Aedias.
28. Nan fanmi pitit gason Zamoth yo te genyen Eliadas, Elisimus, Otonyas, Jarimoth, Sarbatua, ak Sardeus. 29. Nan branch fanmi Bebai te genyen; Johannes, Ananyas,Losabad, ak Amatheis. 30. Nan branch fanmi Mani te genyen : Olamus, Mamuchus, Jedeus, Jasubus,Jasael, ak Hieremoth. 31. Nan fanmi Addi yo te genyen Naathus, Moosias, lacumus, Naidus, Nathanias, Sesthel, Balunus ,ak Manasseas. 32. Nan fanmi Annas te genyen : Elionas, Aseas, Melchias, Sabeus ak Simon Chosameus. 33. Nan fanmi pitit Asom te genyen : Altaneus, Matthias, Benaia, Eliphalat, Manasses, ak Semei. 34. Nan fanmi pitit gason Maani yo te genyen:Jeremias, Momdis, Omaerus, Juel, Mabdai,Pelias, Anos, Karabasion, Enasibus, Mamnitanaimus, Eliasis, Bannus, Eliali,Samis, Selemias Nathanias. Nan fanmi Ozora te genyen : Sesis, Esril, Azaelus, Samatus, Sambis, ak Josiphus. 35. Nan fanmi Ethma te genyen : Mazitias, Zabadaias, Edes, Juel ak Banaias.
Esdras li liv lalwa a pou Pèp la. 36. Yo tout te genyen madanm etranje. Yo ranvoye yo ak tout pitit yo te gen ak yo. 37. Prèt yo, Levit yo tou kòm Izrayelit yo ki te vini nan vil Jerizalèm ak ozalantou te twouve yo etabli la nan premye jou nan 7yèm mwa a. Tout rès moun Izrayèl yo te la kay yo , nan abitasyon yo. 38. Tout Izrayelit yo, nan yon komen akò, te twouve yo reyini nan yon gran èspas vid douvan pati ès Tan plan. 39. La, yo mande Ezdras, Gran Prèt la, dòktè nan lwa yo pou li pale yo de lwa Moyiz ke’l te resevwa de Seyè a, Bondye Izrayèl la. 40. Se konsa Esdras, Gran Prêt la, li presante lwa bay yo, te genyen la gason tankòu fanm san konte prêt ki te vinni tou pou yo kapab genyen plis konesans nan lwa Seyè a, sete nan premye jou, nan 7 yèm mwa a. 41. Li bay lèkti a nan plenn èr douvan potay tanp sakre a depi komansman jounen an jouk mwatye jounen an presans mesye dam yo ak tout asanble a ki tap tande enstriksyon sou sa ki ekri nan liv lalwa a. 42. Esdras, Gran Prèt la, dòktè nan lwa yo te kanpe sou yon platfom an bwa ki te prepare pou sa. 43. Te genyen ak li, kanpe bò kote’l sou bo dwat li : Mattathias, Sammus, Ananias, Azarias, Urias, Ezecias ak Balasamus '. 44. Phaldaius Misael, Melchias, Lothasubus ak Nabarias te kanpe sou bò gòch li. 45. Esdras, soulve liv lalwa a ak men li. Tout moun te kapab ; yo te kapab wè’l paskei te chita nan yon plas onorab devan yo tout.
46. E lè’l louvri liv lalwa a, tout moun te kanpe. Lè sa a, Esdras beni non SeyèaBondye ki gen tout pouvwa
Bondye pèp Izrayèl la ki nan syèl la. 47. Tout pèp la di li: Amèn. Yo leve de men yo an lè, yo tonbe atè, pou yo adore Bondye creyetè a.
48. Te genyen la tou Jesus, Anus, Sarabias, Adinus, Jacubus, Sabateas, Auteas,
Maianeas ak Calitas, Azarias ak Joazabdus, Ananyas, Biatas, moun Levi yo, ki tegen konpreyansyon nan lwa Seyè a, yo te ede lòt frè yo konpran mesaj la .
49. Se konsa, Attharates te di Esdras, granprèt la, dòktè lalwa a, Levit yo, ak tout moun ki tap anseye pèp la 50. Jou sa a, se yon jou ki sakre pou Seyè
paske tout moun te kriye lè yo te tande la Lwa Moyiz yo. 51. Konnyè a nou mèt ale lakay nou, manje grès yo, bwè diven ki leje, pataje ak sak nan beswen. 52. Paske, jodya se jou pou nou mete apa pou Seyè a, epi nou pa bezwen trist sepaske Seyè a pral mete nou kanpe ankò. 53. De kote pa yo, Levit yo fè pèp la konnen bon nouvèl la. Yo di konsa: -Jou sa a, se yon jou pou’n mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn anvayi kè nou. 54. Alò tout moun pran chemen lakay yo, yal manje, bwè, kontinye fete, separe ak moun ki pa’t gen anyen; sete yon rejwisans popilè. 55. Paske yo te konprann tout mesaj ke yo te resevwa ansanm ak rezon ki te fè yo reyini.
LÒT PAJ LA: 2 ESDRAS OUBYEN LÒT PAJ LA: MENi
|