Apre yon fouy nan levanjil yo pou nou   idantifye Izrayelit yo ki gaye sou tout planèt la, apre nou fin pa tande moun nan lari yo tou kòm entelektyèl yo, nou imajine kiryozite ou ka genyen pou dènye mo-a.
Ki jan nou ka inyore bon nouvèl la nan Ezayi 11, ki devwale ke Seyè a va lonje men'l yon lòt fwa bay rès pèp li yo gaye toupatou san'l pa neglije sa ki nan zile yo nan lanmè a. E ki ta sò sa ki te matirize-yo pou kwayans nan mesaj Mesi-a?
Ezekyèl 37 aprann nou ke zo kò yo anba tè gen pou yo revitalize. Sak pi bèl "...Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a."
Evènman ki gen pou presede revelasyon sila te fasinan: "...Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l' ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen."
Rapèl de siy-lan ki te sove premye pitit gason-yo nan peyi Ejip, jan'l   te parèt nan Apokalip 7 lan kalme enkyetid nou.
...E li (anj syèl la) di: Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sèvitè Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo.
4 Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la. 5 Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la, 6 douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a, 7 douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a, 8 douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an. 9 Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. 10 Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. 11 Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, 12 yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn. BAK NAN MENI-A