
Nou kontan wè ou kap vizite sit wèb "Nou Izrayelit Yo" nan paj dakèy tribi Efrayim, dezyèm pitit gason Jozèf JENEZ 48:5. Adòpte pa gran papa'l,
Efrayim vin eritye'l. Gran pè'l te bay tou dwa premye pitit la. Kontèstasyon Jozèf yo pat gen pwa
devan Jakòb ki reponn JENEZ 48:19 "Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen,...
men ti frè'l
pral pi gran nèg
pase li ak pitit pitit kap vin anpil nasyon. Bondye fè ou tankou
Efrayim ak Manase. Se konsa Jakòb
mete Efrayim anvan Manasse.
Benediksyon Moyiz bay Jozèf
konfime revelasyon Jakòb-la. DE 33:17 ki fè referans a miryad Efrayim ak milye Manase etabli diferans genyen antre 2 pitit Jozèf
yo. Ki jan nou ka inyore visyon 2Edras 13:39-45 la.
Gaye nan tout mond lan, tribi Efrayim chwazi pou domisil
Pòto-Riko
, yon zile ki sou jiridiksyon EtaZini. Stati legal sa-a pèmèt Pòto-Riken yo koabite ak ampil lòt nasyon. Oze 7:8 te prevwa sa.
Yon ti vwayaj sou zile-a ede nou konfime revelasyon Oze 4:17 "Moun Efrayim yo menm lage kè yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo."
22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.
23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a.
Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a. 2WA 17:22-23
MANASE -- OU -- MENI