REFERANS BIB LA |
RESANSMAN 9:1-4 |
1 Nan premye mwa dezyèm lanne apre yo te soti kite peyi Lejip la, Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa:
2 -Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l' la.
3 Katòzyèm jou premye mwa a, lè solèy fin kouche, n'a fete fèt la dapre tout lòd ak regleman mwen te ban nou pou sa.
4 Moyiz di pèp Izrayèl la pou yo fete fèt delivrans lan.
|
JAN 2:19 |
19 Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou.
|
JAN 5:10 |
10 Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a.
| MATYE 12:40 |
40 Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè. |
| MATYE 17:23 |
23 Yo pral touye m', men sou twa jou, m'ap leve soti vivan nan lanmò. Sa te fè disip yo lapenn anpil. |
MATYE 28:1 |
1 Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo.
|
JONAS 2:1-2 |
1 Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di:
2 Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.
|
1SAMYEL 30:12 |
12 Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch.
Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pa t' manje anyen, ni li pa t' janm bwè dlo. |
MAK 8:31 |
31 Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen.
Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.
|
MAK 16:1 |
1 Lè jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kò Jezi.
TOUNEN BAK NAN 3J/3N
|
| |