REFERANS BIB LA |
LIK 23: 47-56 |
47 Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
48 Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sak te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo.
49 Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l' yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sak t'ap pase.
50 Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.
51 Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t' dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.
52 Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi.
53 Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l' nan yon bèl dra blan, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t' ankò janm mete pesonn ladan li.
54 Se te yon jou vandredi, repo a tapral kòmanse.
55 Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li.
56 Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.
|
JAN 2:19-21 |
19 Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou.
20 Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li?
21 Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.
|
JAN 19:14-42 |
14 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.
15 Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.
16 Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.
17 Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).
18 Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.
19 Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.
20 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.
21 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.
ALE NAN LÒT VÈSÈ YO  --OUBYEN--TOUNEN NAN 3J/3N
|
| |