EZAYI 42:1-6 |
1 Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
2 Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari.
3 Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.
4 Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouraj, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.
5 Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:
6 Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
|
EGZÒD 25:30-40 |
30 Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.
31 W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.
32 Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò.
33 Sou chak branch sou kote yo, y'a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo.
34 Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo.
35 W'a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo.
36 Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a.
37 y'a fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan.
38 N'a fè pensèt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen.
39 N'a pran swasannkenz liv bon lò pou fè gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak gwo lanp lan.
40 Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
  TOUNEN NAN MENORA--OUBYEN-- NAN MENI-A
|
MATYE 5:17-19 |
17 Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.
18 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.
19 Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.
TOUNEN NAN BIB LA--OUBYEN-- NAN MENI-A
|
|