DEZYEM LIV ESDRAS LA    
FRENCH       KOUTWAZI "NOU, IZRAYELIT YO "      ENGLISH
REF: APOKRIFA


CHAPIT 10

1. Men lè pitit gason mwen an antre nan chanm lan pou'l marye, li tonbe e se konsa li mouri.
2. Alò nou tout tenyen lamp nou, vwazen yo vini bannou rekonfò. Mwen kontwole doulè'm jouk landemen nan apre midi.
3. Lè tout moun te fini ban'm kouraj, pou'm kontwole lapenn mwen, mwen abandone yo e nan mitan lannwit la, mwen vinn isit la, kòm ou ka wè'l nan chan sila.
4. Mwen deside mwen pap janmen tounen nan vil la ankò, men map rete isit la san manje, san bwè e pou'm kontinye lamante ak fè jenn jouk lanmò mwen bout.
5. Se lè sa a, mwen met dekote sanm tap panse yo e mwen kòmanse pale sevèman ak fanm lan.
6. Ou se fanm ki pi ensanse nan tout mond lan. Mwen di'l :"Eske ou avèg devan soufrans ak lapenn nasyon nou an. Men ou gen yon gwo lapenn pou pwòp pitit gason ou.
7. Se pou tristès ak imilyasyon Zion , manman nou tout, ke ou te dwe bay tout lamantasyon sa yo ke nou tout genyen. Ou ta dwe pataje doulè ak tristès la ke nou tout geyen an.
8. Men ou tonbe nan yon pwofond tristès pou yon grenn pitit gason ou.
9. Mande tè a e la di ou, lidwe soufri pou mil e mil ki fèt de li.
10. Nan li, orijinèlman, nou tout soti, e genyen ankò plis kap vini.
11. Paske tout pitit li yo tonbe nan pèdisyon e yon gwo kantite baleye.
Ki alò genyen vrèman bon kòz pou li nan lapenn? Tè a ki pèdi yon pil ak yon pakèt oubyen woumenm ki trist pou pa ou la sèlman.
12 Ou ka petèt menm di ke lapenn ou an pa menm ak pa tè a; mwen pèdi fwi pwòp zantray mwen, sa mwen bay nesans lan ak anpil doulè ak anpil fòs.
13. Men se nan travay lanati menm ke kantite enòm kap viv konnyè a sou tè a dwe kite, menm jan yo te vini an.
14. Mwen reponn li konsa: " Pou ou te vinn yon manman sa genyen pri li; se doulè, men nan menm jan tou, tè a te toujou yon manman pou èt imen, li te bay fwi dapre dizon Kreatè a".
15. Kenbe tristès ou pou ou sèl e pote devenn ou ak kouraj.
16. Si ou vle aksèpte dekrè Letènèl la kòm jist, alò lè moman rive ou
va resevwa pitit gason ou an ankò e wap genyen yon non chaje ak onè pami fanm yo.
17. Ki donk, tounen nan vil la, jwen mari ou.
18. Li reponn mwen : "Mwen pap tounen nan vil la, map rete isit jouk mwen mouri."
19. Men mwen kontinye ap diskite ak li.
20. "Pa fè sa ou di a". Mwen te fèm sou sa. " Lè ou raple ou de devenn.Zion, sa dwe ranfòse fwa ou e lè ou sonje tristès Jerizalèm fòk ou twouve rekonfò ou."
21. Ou wè kòman sanktiyè a tounen yon depotwa, otèl nou demoli e tanp nou detwi.
22. Kòman enstriman mizik nou yo san kòd, chan lwanj nou yo an silans, eklatman kontantman nou vinn kout, limyè lanp sakre a tenyen, tout bèl pouvwa nou an tonbe, bwa chandèl nou an ak limyè nou an desann, Bwat Kontra nou an te twouve’l nan men lènmi an ; objè sakre nou yo te disparèt ; non ke Letènèl te bannou te meprize ; lidè nou yo te wont ; prèt nou yo te boule tou vivan; Moun Levi nou yo te vinn prizonye; jèn moun nou yo te trennen nan èsklavaj; timoun nou yo abandone; konbatan brav nou yo pèdi fòs?
23. Sak pi mal, Zion ke Letènèl te sele ak pwòp so li, te twouve'l konnyè a anba men lènmi nou yo.
24. Alò mete dekote lapenn pèsonèl ou yo ak tout tristès ou. Ke Letènèl ranmne ou vè li. Ke Letènèl bay ou repo ak lapè apre tout sekous ou yo.
25. Briskeman, pandan map pale ak fanm lan, mwen wè figi'l kòmanse briye devan'm, tout kò li ap flache tankou loraj e mwen te santi'm piti devan'l ak laperèz ki te anvayi'm.
26. Lè mwen ap chache konnen sak kap fèt la, li sibitman pouse yon kri, a la fwa fò e tèrib, ki fè tè a tranble.
27. Mwen voye jem gade, mwen pat wè fanm lan ankò men yon vil okonplè bati sou yon solid fondasyon. Laperèz te anpare'l de mwen, mwen kriye fò.
28. "Kote zanj Uriel la ki te vizite'm avan an. Se ta va li ki fè mwen tonbe nan konfisyon sila, èspwa mwen ranvèse e lapriyè'm pa gen pwa."
29. Mwen tap kontinye pale, lè zanj lan ki te vinn premye fwa a parèt ankò.
30. Lè li wè mwen, laye kòm, tankou yon kadav, enkonsyan. Li pran'm ak men dwat li. Banm fòs pou'm ka kanpe sou de pyem.
31."Sa kap pase la? li mande'm? Poukisa ou si boulvèse? Ki sa ki twouble lèspri ou?
32. "Se te paske ou abandone'm," mwen reponn li, "Mwen fè sa ou te mande'm yo: mwen soti nan chan an e sa mwen wè e ke map vizialize ankò depase konpreansyon mwen."
33. Kanpe tankou yon gason, li dim, e ma va bay ou èkplikasyon an.
34. Pale, Seyè mwen, mwen reponn sèlman pa abandone'm, pa kite'm mouri san satisfaksyon.
35. Paske mwen te wè e mwen te tande bagay ki depase konpreansyon'm,
36. Amwenke se yon ilisyon e yon rèv.
37. Map sipliye ou pou ou banm èkplikasyon vizyon sila.
38. "Koute'm, reponn zanj lan: Mwen pral èkplike ou siyifikasyon sa kap tèrifye ou paske Letènèl revele ou anpil sekrè."
39. Se te vi pa ou ki san repwoch, lamantasyon ou tout tan pou pèp ou a e lapennn ou pou Zion.
40. Me èkplikasyon vizyon an.
41. Ou fenk wè yon fanm kap lamante e ou tap eseye rekonfòte'l.
42. Konnyè a, ou pa wè fanm la ankò men yon vil tout antye.
43. Li te di ou, li te pèdi pitit gason'l e se te èkplikasyon an sa.
44. Fanm lan ke ou te wè a se Zion .Konnyè a ou wè'l tankou yon vil ki byen bati.
45. Li di ou li te san pitit pou 30 an, se te paske genyen 3000 ane pandan ke sakrifis pat ofri nan Zion.
46. Men apre 3000 ane, Salomon bati yon vil e ofri sakrifis yo, se te moman sila fanm ansent la tap pote pitit la nan zantray li.
47. Sa te bay anpil doulè, li di, pou'l fè'l grandi. Se te moman sila Jerizalèm te abite.
48. Apre, li pale ou de gran pèt la ki fèl soufri, ki jan pitit gason'l te mouri jou li tap antre nan chanm pou'l marye; se te dèstriksyon ki pase pran Jerizalèm tou.
49. Se te vizyon sila ke ou te wè. Fanm lan kap lamante a pou pitit gason'l - e ou tap eseye rekonfòte'l nan doulè'l. Se revelasyon sila ke ou dwe resevwa.
50. Letènèl te wè siplikasyon sensè ou e senpati jouk nan kè ou te genyen pou fanm sila, alò li deside pou'l fè ou wèl nan reyonan glwa li ak bote'l.
51. Se pou sa mwen te di ou pou ou rete nan chan sila, a kote pat gen okenn kay .
52. Paske mwen te konnen Letènèl pral bay ou revelasyon sila.
53. Mwen te di ou, vinn nan chan sila kote pat gen fondasyon pou okenn kay.
54. Paske nan plas sila, kote vil Letènèl pral revele a, okenn kay bati pa lèzòm ka kanpe.
55. Pa gen krent, Esdras, kite kè ou repoze'l. Ale nan vil la pou ou ka wè gran jan kay ke jiska prezan je ou gen pouvwa pou'l wè tout.
56. Alò, apre sa, wa tande otan ke zòrey ou pèmèt ou tande.
57. Ou pli beni ke laplipa dèzòm e yon ti kantite gen non'l devan Letènèl tankou ou.
58. Rete isit la jouk demen aswè.
59. Letènèl pral montre ou nan rèv ak vizyon, sa li konte fè ak abitan tè a nan dènye jou yo. Mwen fè sa yo te dim, mwen domi lannwit sila ak lòt nwit la.


CHAPIT 11

1. Dezyèm nwit la, nan yon rèv, mwen fè yon vizyon ; mwen wè yon èg kap soti nan lanmè a, li te gen 12 zèl ak 3 tèt;
2. Mwen wè'l laji zèl sou tout tè a epi tout van an tap soufle sou li, niaj yo te menm akòste'l.
3. Nan tout zèl li yo, mwen wè ti tèt kap pouse.
4. Tèt li yo pat mouvmante, men tèt nan milye a ki te pi gwo ke lòt yo te trankil nan mitan yo.
5. Alò ke mwen tap gade, èg lan leve ak fòs zèl li pou'l plase tèt li kòm sèl chèf tè a ak tout abitan yo.
6. Mwen te wè’l fè tout sa ki anba syèl la depann de li san opozisyon okenn kreati sou tè a.
7. Mwen wè èg lan, kanpe sou grif li e lap pale fò ak zèl li yo.
8. Nou pa dwe tout reveye yon sèl kou, li di, dòmi nan plas nou e na reveye yon apre lòt.
9. Tèt yo dwe pou rete jouk an dènye.
10. Mwen remake ke son vwa’l pat soti nan tèt li men nan mwatye kò li.
11. Mwen konte èg rival li yo mwen wè yo te yuit.
12. Pandan ke map obsève, yon nan zèl yo, soti nan kote dwat la, li leve e li vinn ap gouvène tout tè a.
13. Apre yon tan, rèy li fini e li disparèt konplètman.
14. Answit, yon lòt leve, li etabli tèt li kòm chèf pou yon tan ki pi long.
15. Lè tan'l fini, li te prèt pou disparèt, menm jan ak premye a, sèt alò ke yon vwa fè tande'l,
16. "Ou dirije mond lan pandan yon bon bout tan; konnyè a, koute mesaj mwen avan tan an fini nèt.
17. Pap genyen okenn nan siksèsè ou yo kap reye lontan tankou ou, pa menm mwatye tan an."
18. Sètalò ke 3yèm zèl la leve, li dirije mond lan pandan yon sèten tan tankou predesesè li yo, tankou yo tou, li disparèt.
19. Menm jan, tout zèl yo rive nan tèt pouvwa nan siksesyon, se konsa tou yo disparèt, pèsonn pa janmen wè yo.
20. Alò ke tan an ap avanse, mwen wè zèl sou kote gòch yo, yo tou pran chemen pouvwa a. Kèk nan yo te gen siksè, se konsa tou yo soti anba je moun brid sou kou,
21. Gen lòt ki leve men ki pat janmen rive nan pouvwa a.
22. Nan moman sila, mwen note ke 2 nan piti zèl yo te menm jan ak 12 yo, yo pat anba je moun.
23. Anyen pat rete nan kò èg eksèpte 3 tèt inamovib ak 6 zèl.
24. Alò ke map obsève, 2 nan 6 piti zèl yo abandone lòt yo, se konsa ya'l pran plas anba tèt la sou kote dwat.
25. 4 lòt yo rete nan plas yo, men mwen wè yap fè mannigans pou yo pran pouvwa a.
26. Yon rive e li disparèt rapidman.
27. Se te menm jan pou 2yèm lan, men tan li te pi kout ke 1e.
28. Mwen wè 2 dènye yo kap debat pou fè kou pa yo tou.
29. Alò yo ta'l fè konplo, sibitman, yon nan tèt yo reveye nan dòmi. Li, li te nan mitan, pi gwo ke 3 lòt yo.
30. Mwen wè kòman, li mete'l ak 2 lòt tèt yo.
31. Se konsa, ansanm, yo devore 2 piti zèl yo ki tap debat pou pran pouvwa a.
32. Tèt sila gen tout tè a anba men'l.
33. Apre sa, mwen wè tèt milye a peri sibitman men jan ke zèl yo.
34 Genyen 2 tè ki rete. Yo tou fini pa pran pouvwa sou tè a ak tout abitan yo.
35. Men toujou nan obsèvasyon'm, mwen wè tèt sou kote dwat la devore tèt sou kote gòch la.
36. Sè alò ke mwen tande yon vwa ki di'm : Pote atansyon sou sa wap wè kap pase devan ou.
37. Se konsa mwen wè yon lyon kap soti nan forè a ak tout raj li. Mwen tande'l adrese èg lan, ou ta va di se yon kretyen vivan kap pale :
38. "Koute sa mwen pral di ou yo.
39. Letènèl di ou" Eske ou pa sèl ki rete vivan pami 4 bèt yo mwen bay pouvwa sou mond mwen an ak entansyon ke, ak yo, mwen va mete fen a syèk mwen yo".
40. Ou se 4yèm bèt la, ou venk tout lòt yo ki te vini avan ou yo, ou gouvène tout mond lan, e ou kenbe'l anba laperèz ak opresyon ; ou viv nan mond lan lontan.
41. Ou gouvène'l ak desèpsyon san okenn sousi pou verite a pale.
42. Ou oprese bon moun yo; ou ridikilize patizan lapè yo; ou anvayi kay moun ki mache dwat yo; ou rayi patizan verite yo, ou senpatize ak mantè yo; Ou detwi kay moun ki wè fwi travay di yo; ou blayi jouk a tè miray abitasyon moun ki pat janmen anmède ou.
43. Ensolans ou pa echape Letènèl, tou kòm ogèy ou pa pase inapèsi devan TouPisan an.
44. Letènèl la gen dosye peryòd yo li te fikse. Yo rive nan fen yo e syèk la rive nan bout li.
45. Kidonk, ou menm èg, ou dwe disparèt konnyè a e pou tout tan, ou menm ak tèrib gwo tankou piti zèl mechanste ou yo, tèt atoufè ou yo, grif ou, e tout kò san valè ou la.
46. Alò tout latè va pran souf lè yo delivre de vyolans e, lè sa a, yo ka antisipe èspwa jijman e mizerikòd Letènèl la.

CHAPIT 12

1. Alò ke lyon te ankò ap pale ak èg la, mwen konstate, tèt la ki te rete a, disparèt.
2. Se konsa, 2 zèl yo ki ta'l jwen li, leve e deklare yo menm gouvènè. Rèy a yo pat non sèlman dire, men tou, li te twouble. E lè mwen voye je gade yo, yo te deja disparèt.
3. Se konsa mwen wè tout kò èg la eklate. Nou te wè flanm dife a ; tè a te sekwe nan moman latwoublay sila.
4. Mwen te boulvèse, mwen te pè si tèlman mwen reveye e mwen di an mwenmenm :" Me rezilta tantasyon pou dekouvri pwofondè aksyon Letènèl la.
5. Lèspri'm fatige ; mwen te santi kò'm lage konplètman. Eprèv lannwit lan te fini ak tout fòs mwen.
6. Se konsa mwen panse a priye Letènèl pou'l banm fòs jiska lafen.
7. Alò, mwen di'l : "Mèt mwen, Seyè mwen, si mwen genyen èstim ou e ke mwen plase piwo ke laplipa dèzòm nan evalyason ou, si se vre ke lapryèm rive nan zòrey ou, banmwen fòs ;
8. Revele'm, Seyè, egzak entèpretasyon visyon tèrib sila epi manyè konsole nanm mwen.
9. Paske ou deja pote jijman ke mwen ranpli kondisyon ou yo pou mwen ka wè finisman mond lan.
10. Li reponn mwen : " Me entèpretasyon visyon ou lan.
11. Eg la ke ou wè kap soti nan lanmè a, li represante 4yèm wayòm lan ke frè Danyèl te wè nan visyon pali a.
12. Li pat bay entèpretasyon, men mwen pral bay ou li konnyè a oubyen ke mwen te deja bay ou.
13. Jou yo ap vini, tèr ap twouve anba lòd yon gouvènman ki pi tèrib ke tout sa ki te la yo.
14. Li gen pou'l dirige pa 12 wa, yon apre lòt.
15. 2yèm lan kap monte nan twòn nan ap genbe mayèt la plis ke lòt yo.
16. Se ta va siyifikasyon 12 zèl ou wè yo.
17 Konsènan vwa a ou tande ki soti nan mitan kò èg la, olye de nan tèt li, me sal di :
18. Apre rèy 2yèm wa a, pral genyen yon gwo konfli kap mete gouvenman nan danje pou'l eklate ; li pap tonbe. Lap reprann fòs orijinal li.
19. Konsènan 8 piti zèl ou wè kap grandi nan zèl èg la, me siyifikasyon pa yo :
20. Anpi a ap gouvène ak 8 wa ; rèy yo ap san okenn enpòtans epi lap kout.
21. 2 nan yo ap reye e tonbe yon ti kras avan mwatye peryòd la, 4 ap retounen nan pouvwa a jouk yon ti tan avan fen syèk la e 2 ap gouvène jouk fen peryòd la bout.
22. Konsènan 3 tèt ki tap dòmi yo, me sa yo vle di:
23. Lè anpi-a rive nan dènye ane'l yo, Letènèl ap mete nan twòn an 3 wa.
24. Ki va ramne lòd, yap enpoze yo sou tè a e sou abitan yo; va gen yon peryòd opresyon ki pi mal kavan. Yo va gen pou non, tèt èg la,
25. Paske yo te rive jouk nan dènye moman an e yo te bay yon tèt yon seri move kontra.
26. Konsènan disparisyon tèt ki pi gwo, sa siyifye ke youn nan wa yo dwe pou mouri nan kabann li, men tou nan yon gran agoni.
27. 2 kap siviv ap peri anba yon kout epe;
28. Yon ap fwape ak epe lòt la ki limenm ap gen tou pa li nan dènye jou yo.
29. Konsènan 2 piti zèl yo ki al plase yo sou bò dwat tèt la, me siyifikasyon an.
30. Se yo Letènèl rezève pou dènye jou yo. Menm jan ou te wè'l la, rèy yo ap kout e twouble.
31. Konsènan lyon ki sot nan forè a, reveye nan somèy li, lap gwonde. Ou tande'l ap pale ak èg la ke lap akize pou pawòl ak zak mechan'l yo,
32. Sa se Mesi a ke Letènèl kenbe bò kote’l jouk tout bagay fini. Li gen pou'l adrese gouvènè yo ouvètman, akize yo pou krim, peche ak dezobeyisans yo.
33. Lap trennen yo tou vivan pou'l jije yo, lap kondane yo epi lap detwi yo.
34. Men lap gen gras pou moun nan pèp mwen yo ki rete a, tout sa yo ki te an sekirite nan peyi mwen an; Lap libere yo, lap bayo lakontantman jouk jou final jijman rive, menm jan mwen te anonse ou la okòmansman an.
35. Alò, se te vizyon sila ke ou te wè ak tout siyifikasyon'l.
36. Se sekrè Letènèl la ke pèson, eksèpte ou menm sèlman ki te montre ou andwa pou ou konnen'l.
37. Sa ou wè a, ou dwe ekri'l nan yon liv e depoze'l nan yon kote sekrè.
38. Ou ka pataje sekrè sa yo ak moun nan pèp ou a ou konnen ki saj ase pou yo konprann e gade'l ansekirite.
39. Men rete isit la, pou 7 jou ankò, demanyè ke ou ka resevwa revelasyon ke Letènèl kwè apwopriye pou'l voye bay ou.
40. Lè moun yo wè, 7 jou pase, yo pa janmen wè mwen tounen nan vil la, yo fè yon gwoup pou yo ka vinn jouen mwen.
41. "Ki move sò ki genyen oubyen èske ou ta blese, yo mande'l, pou ou ta dezète nou e vinn etabli ou isi a."
42. Nan tout pwofèt yo, se ou sèl ki rete ak nou, ou se dènye, se yon lanp nan fè nwa oubyen se dènye grap nan tout sak te keyi yo, yon pò sekirite pou bato a fas a yon gwo tanpèt.
43. Eske nou pa soufri ase ?
44. Si ou abandone nou, li ta pi bon anpil ke nou te detwi nan dife ki te ravaje Zion.
45. Nou pa pi bon ke moun ki te peri la yo. Answit, yo lamante ak fòs.
46. Mwen reponn : "Pran kouraj, Izrayèl, Mezon Jakòb lan. Mete dekote doulè ou."
47. Letènèl gen ou nan lèspri'l e TouPisan pap janm bliye ou tout tan. Mwen pap kite nou, mwen pap abandone nou.
48. Mwen vini isit pou'm lapriyè pou Zion ki nan detrès e pou'm mande gras pou sanktiyè ki rive si ba.
49. Ale lakay nou konnyè a, nou tout san eksèpsyon ; banm kèk jou ankò, map retounnen jwen nou.
50. Se te konsa, tout moun yo te tounen lakay yo, jan enstriksyon te bay la.
51. Alò ke mwen,mwen rete nan chan an pandan 7 jou pou konfòmem ak demand zanj lan ; mwen manje sèlman sak te pwodwi nan chan an, e se konsa mwen te viv pou tout tan an.

CHAPIT 13

1. Apre 7 jou, nan lannwit, mwen fè yon rèv.
2. Se te yon gwo van ki soti nan lanmè a, li te boulvèse vag yo.
3. Mwen wè van an te mennen ak li, figi yon moun kap monte soti nan lanmè a. Pandan ke map obsève, moun sa a kòmanse vole e li te nan niaj yo ki anwo nan syèl la. Tout kote li tounen je'l, tou sa li wè te anvlope pa laperèz.
4. E tou sa ki tande vwa'l te fonn tankou wax devan dife.
5. Answit, mwen wè yon bann gason, mwen pa ka konte, ki soti nan 4 van syèl la, yo rasanble yo pou konbat gason sila ki te soti nan fon lanmè a.
6. Se konsa mwen wè li konstwi yon gwo mòn e li monte sou li.
7. Mwen tap chache sitiye anplasman mòn sila, mwen pat kapab.
8. Answit, mwen wè ke tout moun ki te mete tèt yo ansanm pou yo konbat gason sila, yo tout te gen laperèz make sou vizaj yo; malgre tou yo deside tout bon menen batay la.
9. Lè gason sila wè moun atoufè sa yo ap avanse pou yo atake'l, li lonje yon dwat sou yo, li pat gen lans nan men li,
10. Men, li te fè soti nan bouch li yon touf dife ki te fè lafimen e nan lang li chabon cho tankou yon van siklòn;
11. Tout melanj sa yo : dife a ak chabon yo, se te tankou yon tanpèt. 12. Apre sa, mwen wè menm gason sila kap desann mòn nan e ki, nan langaj pasifik li, te inspire yon foul moun ki te vinn jwenn li.
13. E nonb lan kontinye grandi ; si kèk nan yo te gen lakontantman nan vizaj yo, pou lòt se te tristès. Gen sa ki soti nan kaptivite, gen sa tou ki te entwodwi bali kòm yon ofrand. Mwen reveye nan boulvèsman sila e mwen kòmanse priye Letènèl.
14. Mwen di: " Ou revele mèvèy sa yo ban mwen, sèvitè ou la, san rezèv, ou jije mwen gen dwa pou'm genyen repons lè mwen priye ou, 15. Kounnyè, a montre'm siyifikasyon rèv sila :"
16. Jan mwen kwèl'la, ala tèrib ke li konsène tout moun ki siviv jouk jou sa yo va rive.
17. Men sa va ankò pi mal pou sa ki pa siviv yo.
18. Sak pa siviv yo ap gen tristès ke yo konnen sak sere pou dènye jou, men yo pap gen dwa a yo.
19. Sak siviv yo, ap gen pitye pou tèrib danje ak jijman kap tan yo, menm jan vizyon an te montre'l.
20. Petèt, apre tout konsiderasyon, li pi bon andire danje pou'n rive nan bi final la, olye nou kite mond lan tankou yon niaj san janmen wè evènman nan dènye jou yo. 21. Wi, li reponn mwen "Mwen pral ekplike siyifikasyon vizyon sila e map di ou tou sa ou mande'm lan."
22. Konsènan kesyon sou moun ki siviv yo, me repons la:
23. Moun yo, kote danje yo ap soti, yo gen pou yo pwoteje kont danje sila yo ki genyen travay ak fidelite plase kòm kredi devan Gran Mèt.
24. Ou mèt gen asirans ke sak siviv yo gen plis benediksyon ke sak mouri yo.
25. Me siyifikasyon vizyon an : "Gason sila ou wè kap monte, soti nan fon lanmè a,
26. Se li ke Letènèl la plase ogadavou atravè syèk yo depi lontan; Li menm, li va delivre mond lan ke li te fè a e la gen pou'l selèksyone sa kap siviv yo.
27. Pou sak konsène flanm lan, chabon dife tankou yon van tanpèt kap soti nan bouch gason sila.
28. Atèlpwen ke, san yon flèch, san okenn zanm nan men li, li detwi atoufè yo ki tap avanse pou konbat li. Me siyifikasyon:
29. Jou a pou Letènèl pote delivrans bay moun kap viv sou tè a, jou sila li pre.
30. Alò, lèzòm ap konplètman boulvèse,
31. Ya va fè konplo pou fè lagè yon kont lòt, vil kont vil, rejyon kont rejyon, nasyon kont nasyon, wayòm kont wayòm.
32. Lè sa rive, e tout siy yo mwen te montre ou lan te fè wè yo, alò, pitit gason mwen an va parèt. Se represantasyon sila ou genyen lè ou wè yon gason kap soti nan lanmè a.
33. Lè yo tande vwa sila,
34. Tout nasyon yo ap abandone tèritwa yo ak lagè pèsonèl yap mennen; lè sa yap ini tankou yon gwo fòs militè; menm jan ou wè nan vizyon ou lan; ya va prèt pou batay kont Li.
35. Lè sa, Li gen poul'al kanpe sou tèt montay Zion;
36. Zion va twouve'l devan je tout moun ki sou tè a, yon vil ki konplètman bati. Sa korèsponn a montay kraze ou te wè a; se pat zak lèzòm.
37. Alò, pitit gason'm ap repwoche tout nasyon ki konfwonte'l de peche yo. Sa represente tanpèt la ke ou te wè a.
38. Lap plake devan yo move aksyon yo komèt ak pinisyon kap tan yo. Sa korèsponn a flanm lan e lap detwi yo san jefò, jan lwa prevwa'l la. Sa korèsponn a dife a ak toumant
39. Après sa,ou te wè li ap yon lòt kategori moun kipa nan chèche moun kont.
40. Moun sa yo se nèf lòt branch fanmi Jacob yo ki te fè prizonye soti nan peyi yo nan tan Salmanaza (Salmënâsor), wa peyi Persia, ki te mennen yo prizonye nan wayòm li.
41. Min nou nèf branch fanmi Jacob sa Yo pran desizyon pou yo pa touin nan mitan moun lot nazyon say o kite nan peyi a.Se konsa, yo pati , y’al rete byen louin nan peyi kote okenn moun pat janmen viva van sa.
42. Lè sa-a, yo kapab kenbe lwa yo ke yo pat kapab kenbe nan peyi yo.
43. Se pa bagay fasil pou moun travèse larivyè Euphrates la (Efrat'is). Yo antre nan yon pass etwat nan bò larivyè Euphrates la (Efrat'is).
44. Lè sa a, yo rive devan larivyè Euphrates la (Efrat'is). Gran Mèt-la fè yon mirak pou yo; Li te kanpe sous la nan gwo larivyè Euphrates la jistan yo te pase.
45. Peyi yo te nan yon distans ki bay yon ane ak mwatye(1an ak 1/2) yo vwayaje nan zòn, non li se Azârèt .
46. Se la yo te rete jouk dènye jou yo.
47. Epi lè yo sou retounen,
48. Se siyifikasyon pèzib asanble a ke ou wè a. Nan yo tou, gen moun ki soti nan pèp ou a. Yo tou, twouve yo nan antouraj sakre mwen an.
49. Se konsa, lè moman an vini pou'l detwi nasyon yo ki revolte kont li a
50. La va pwoteje pèp li a ki rete e la va montre yo anpil mèvèy.
51. Seyè mwen, Mèt mwen, mwen mande'l : Ekplike'm, poukisa gason sila mwen wè a soti nan pwofondè lanmè a.
52. Li reponn : "Sa depase pouvwa lèzòm pou yo kapab penetre pwofondè lanmè a e pèse sekrè'l. Menm jan, pèson sou tè a ka wè pitit gason'm ak antouraj li jouk jou ki make a." Alò se sa siyifikasyon vizyon ou lan.
53. Revelasyon
an, se ou e ou sèl ki resevwa'l
54. Paske ou abandone pwòp afè ou pou ou konsakre ou totalman a pa mwen e nan chache konnen lwa mwen yo.
55. Ou mete sajès ou nan tout bagay e ou konsidere konpreansyon kòm manman ou.
56. Se pou sa mwen bay ou revelasyon sila ; Letènèl genyen rekonpans li rezève pou ou. Nan 3 jou, map pale ak ou ankò e ma va di ou kèk.
57. Se konsa mwen tounen bak nan chan an pou'm adore e remèsye Letènèl pou mèvèy yo Li fè de tanzantan.
58. E pou pwevwayans li nan tout evènman atravè syèk yo. Mwen rete la pandan 3 jou.

CHAPIT 14

ME LIV SAKRE YO
1. Nan 3yèm jou-a, mwen te chita anba yon pyebwa, lè mwen tande yon vwa soti nan raje a kap di : Ezra, Ezra.
2. Me mwen, Seyè a, mwen reponn, mwen kanpe sou 2 pyem.
3. Vwa kontinye: " mwen revele'm nan raje e mwen pale ak Moyiz lè Izrayèl pèp mwen te nan èsklavaj nan peyi Egypte e mwen bay .enstriksyon pou'l montre yo kòman pou yo soti nan peyi sila."
4. Mwen fè'l monte nan montay Sinai e mwen kenbe'l la ak mwen pandan kèk jou.
5. Mwen pale'l de anpil mèvèy e montre'l sekrè syèk yo ak fen tan an; 6. Anplis de sa, mwen bay enstriksyon konsènan sa pou'l devwale ak sa pou'l gade sekrè.
7. Se konsa tou, konnyè a, map bay ou lòd sila a 8. Pran angajman pou ou memorize siy mwen montre ou yo, visyon ke ou wè yo, ak ekplikasyon ke yo ba ou
9. Ou anvwa pou ou kite mond lèzòm sila e, lè sa, wa va rete ak pitit gason mwen an ak tout moun ki tankou ou yo jouk tan an bout.
10. Mond lan pèdi jenès li, tandiske nap avanse an aj.
11. Paske, an total, tan an gen 12 divisyon.
12. 9 divisyon ak mwatye pase deja e se sèlman 2 ak mwatye ki rete. 13 Mete kay ou an òd; pou sa, avèti nasyon ou la, rekonfòte sak beswen finalman fè adye a lavi a.
14. Mete de kote sousi ou genyen pou tè a, depoze fado wap pote yo,
15. Depouye ou de nati fèb ou, mete dekote anksyete kap bay ou chagren, fè ou fache e mete ou prèt, san pèdi tan, pou ou kite mond sila.
16. Sepandan, yo anpil, zak mechanste yo ou te temwen. Gen pi mal kap fini.
17. A mezi ke rekòt kafe mond lan ap ogmante, lap vini pi fèb chak jou, se konsa tou mechanste nan mond lan ap miltiplye.
18. Verite a al bwa chat, mansonj lan gaye toupatou. Eg la ke ou wè nan vizyon ou lan te nan wout pou dèstinasyon'l.
19. Seyè, mwen pral ale, jan ou mande'm lan, pou bay pèp mwen ki vivan avètismam an, men, ki moun ki pral edike moun ki pral fèt apre sa?
20. Paske mond la nan fènwa epi pa genyen okenn limyè pou moun kap viv yo.
21. Paske lwa ou yo detwi nan dife e se konsa pèson pa gen mwayen pou yo konnen kontra ou fè yo oubyen ke ou konte fè.
22. Si mwen gen favè devan ou, ranpli'm ak èspri sen an, pou'm ka ekri tout istwa mond lan, soti nan kòmansman, tout sa ki nan lwa ou yo; alò lèzòm ap gen chans pou yo twouve bon chemen an, e, si yo vle, ya genyen lavi nan dènye jou yo.
23. "Ale" li reponn, "rasanble abitan yo e di yo pa chache wè ou pandan 40 jou."
24. Prepare anpil tablèt e mennen ak ou Seraiah, Dibri, Shelemiah, Ethan e Asiel, 5 gason ki konn ekri rapidman.
25. Alò tounen isit, e mwen ap limen limyè konpreansyon an nan lèspri ou, lap rete ak ou jouk ou fini ekri tout bagay.
26. Lè travay ou fini, ou ka rann piblik kèk nan yo, rèst la ou dwe remèt yo bay gason ki saj pou yo konsève'l sekrètman. Demen, a lè sila, fòk ou kòmanse ekri.
27. Mwen ale, jan mwen te resevwa lòd la, mwen rasanble abitan yo e mwen di: 28 "Izrayèl, koute sa map di:
29. Zansèt nou yo tap viv orijinalman nan peyi Egypt tankou etranje."
30. Yo te delivre de tè sila e yo te resevwa lwa yo ki ofri lavi.
31. Men yo tonbe nan dezobeyisans e ou swib egzanp a yo. Alò, ou te resevwa yon tè pou tèt pa ou, tè Zion an; men ou tou, kòm ansèt ou yo, ou tonbe nan peche e abandone chemen Letènèl te trase pou ou.
32. Paske li se yon bon jij, Li pran nan men ou, atan, sa li te bay ou yo. 33. Se konsa, konnyè a, ou nan egzil ak abitan kamarad ki nan mitan nou.
34. Si ou byen dirije konpreansyon ou e si ou bay lèspri ou yo bonjan enstriksyon, wa va genyen sekirite nan lavi a e resevwa padon lè ou mouri.
35. Paske apre lanmò, ap gen jijman e nou tout ap reprann vi nou. Sèt alò ke non moun ki dwat yo ap devwale e zak malònnèt pechè yo dekouvri.
36. Apati konnyè a, pèsonn pa dwe pou vini pale ak mwen oubyen chache wè mwen pandan 40 jou.
37. Mwen pran ak mwen 5 gason yo, menm jan enstriksyon te bay la, e nou ale nan chan an. Se te la nou te rete.
38. Nan landemen, mwen tande yon vwa kap rele'm: "Esdras, ouvri bouch ou e bwa sa map ba ou a."
39. Se konsa, mwen ouvri bouch mwen e yon tas te prezante ban mwen, li te ranpli, nou ta vle di ak dlo, eksèpte ke koulè a se te koulè dife.
40. Mwen pran'l e mwen bwa'l. Mwen te apèn fini, se konsa entèlijans te peze nan pwatrin mwen an; memwa'm pat gen fay ladan .
41. Mwen ouvri bouch mwen pou'm pale e mwen kontinye ap pale san rete.
42. Letènèl bay senk mesye sa yo konpreansyon; a tou de wòl, yo ekri sa ki te di yo ak karaktè yo pat janm konnen avan sa. Yo te ekri pandan 40 jou; lannwit sèlman yo manje.
43. Kant a mwenmem, mwen pale tout la jounen e menm nan lannwit. Mwen pat rete bèbè.
44. Nan 40 jou te genyen 204 liv ki te ekri.
45. Lè 40 jou a bout, Letènèl pale ak mwen. "Presente bay piblik la liv yo ou te ekri avan an ", li di, bon moun tankou move moun va pran lèkti yo.
46. Men dènye 70 liv yo, ou dwe fè resèv nan distribisyon yo. Pa bay moun yo, eksèpsyon fèt de sak saj pami pèp ou a.
47. Ya va twouve lanp lan kap bay limyè a, sous la pou sajès agogo e yon flèv konèsans.
48. Se te konsa mwen te fèl.

CHAPIT 15

PWOFESI FAYIT LA.
1. Fè pèp Konnen pawòl pwofesi ke map mete nan bouch ou, di Seyè a,
2. Epi, mete yo sou papye paske yo gen valè e yo se verite.
3. Pa pè konplo kont ou e pa twouble ak negativite moun ki opoze ak ou.
4. Paske tout moun ki pa kwè ap mouri paske yo pa kwè.
5. Fòk ou konnen, di Seyè a, map kite gaye nan mond lan mechanste ki tèrib, epe, grangou, lanmò ak dèstriksyon
6. Paske atrosite toupatou pa gen plas pou lòt zak vyolan.
7. Alò, Seyè a di :
8. " Mwen pap rete endiferan a peche, mwen pap tolere zak mechanste yo. Gade kijan san inosan yo ki viktim ap soupriye'm pou vanjans, e nanm moun ki dwat yo pa janmen fini enplore'm.
9. Men, sak pi asire a, mwen gen pou vanje yo e map tande plent a tout san inosan yo ki te koule.
10. Pèp mwen te kondwi nan labatwa menm jan ak mouton yo. Mwen pap pèmèt yo rete ankò nan vil Egypt la, map ize tout pouvwa mwen pou'm mete yo deyò.
11. Map frape ejipsyan yo ak pèst menm jan mwen te fèl avan an. E se konsa map detwi tout tè yo genyen.
13. Ala kriye labourè tè a gen pou kriye lè green yo pa grandi, pyebwa yo devaste ak fleo, lagrèl e tanpèt.
14. Malè pou mond lan ak tout abitan'l yo !
15. Epe yo ki gen pou detwi'l pa lwen. Nasyon ap lanse epe kont lòt nasyon; se konsa yo va kòmanse lagè.
16. Gouvènman stab ap fini ; yon faksyon ap gen la vwa ochapit devan yon lòt, lè sa a, yo pap fè anyen nan moman yap reye a oubyen lè yap gouvène a.
17. Yon moun ka vle vizite yon lòt vil.
18. Men li pap kapab paske anbisyon ak rivalite ap redwi vil yo nan kao, detwi kay e bay tout moun panik.
19. Yon moun ap atake ak vyolans kay vwazen'l, lap piye machandiz yo. li pap gen pitye pou'l ta konprann ke , sèt ase, lèl grangou ap dezekilibre'l e la mizè ap ronje'l.
20. Gade kijan map asiyen tout wa sou tè a, di Bondye, nan Lès la, Sid la, Sidès ak Sidwès pou'm panike yo, pou'm fè reprezay kont yo.
21. Map fè yo menm sa yo fè pèp chwazi mwen an jouk jodya. Map remèt yo laparèy.
22. Me pawòl Seyè a: Mwen pap genyen pitye pou pechè yo. Epe a pap epaye asasen yo ki make tè a ak san inosan yo.
23. Kòlè Seyè a debòde kon yon dife, prèt a sakaje tè a jouk nan fondasyon'l e konsime peche yo tankou yon pay kap brile.
24. Malè pou pechè yo ki pase anba betiz kòmand mwen yo! di Seyè a;
25. Mwen pap gen mizerikòd pou yo. Kanpe lwen, ou ki rebèl!
26. Pa pote pozisyon ou lan nan lantouraj sentete mwen an. Seyè konnen byen tout sa ki peche kont li e li konfye yo a lanmò e kondanasyon.
27. Dezast deja tonbe sou mond lan e ou pa kapab epaye'l; Bondye refize sove ou paske ou peche kont li.
28. Ala tèrib imaj sila yo kap soti nan zòn Es la!
29. Atoufè dragon yo soti nan Arabia ak yon pil ak yon pakèt chario; depi nan 1e jou deplasman yo, yap gaye yon sifleman atravè tè a, pou yo kapab ranpli ak krent e etònman tout moun ki tande yo.
30. Carmanians yo, fou ak raj, kap kouri soti, tankou sangliye sovaj, kite fòrè a, gen pou yo avanse ak tout fòs yo pou yo antre nan batay ak yo. Lè sa, yo va elimine konplètman rejyon Assyria ak defans yo.
31. Men, answit, dragon yo ap rasanble fòs yo e yap montre siperyorite yo pou yal genyen batay la. Yo p Yo ralye e jwenn fòs jouk yo tonbe sou yo ak yon ekrazant pisans ki te fòse yo bay tè a blanch.
32. Jouk yo te fè silans.
33. E yo tout, san eksèpsyon, reprann vole. Se alò ke chemen yo te bloke pa ènmi nan Assyria ki te detwi youn nan yo. Krent ak panik te gaye nan mitan lame yo, e defayans kote wa yo.
34. Gade niaj yo gaye soti nan Es ak Nò rive jouk nan Sid! Aparans a yo lèd, chaje ak vyolans e boulvèsman.
35. Yap fè kolisyon e se konsa yap jete sou tè a yon pil ak yon pakèt loraj; san ap devèse ak kout epe, lap rive jouk nan vant cheval la, nan senti yon moun oubyen nan jarèt a yon chamo.
36. Move aksyon ak tranbleman ap anvayi tè a;
37. tou sa ki wè kòlè anraje sila ap gen frison e anvayi ak panik.
38. Alò pakèt loraj ak niaj yo gen pou yo apwoche, soti nan Nò ak Sid e lòt ankò ap soti nan Wès.
39. Men van an ki soti nan Es la ap pi fò malgre tou; lap venk niaj sovaj la. Se konsa, loraj la ki te detèmine pou'l detri, apre sa, lap retounen ak vyolans nan Sid e Wès lè yo fè fas a van yo ki te soti Es yo.
40. Pakèt niaj pisan yo, ak anpil raj, gen pou yo ogmante e ravaje tout tè a ak abitan'l yo.
41 Yon tèrib loraj ap baleye, ak dife, lagrèl e kout epe, gwo zouzoun yo ak sa kap benyen nan pouvwa a. E yon delij d'lo ap anvayi tout chan, tout larivyè yo.
42. Yap blayi a tè vil, miray, montay, kolinn, pyebwa nan forè yo e rekòlt nan chan yo.
43. Yap avanse jouk Babilòn e yap efase'l.
44. Lè yo rive la, yap ansèkle'l e yap degaje yon loraj nan tout fòs li. Pousyè ak lafimen ap rive jouk nan syèl la e tout vwazen yo tap kriye pou so Babilon,
45 Tout sa kit e soti vivan yo ta vinn èsklav dèstriktè a.
46. Kanta ou Asia ki te pataje bote ak splandè Babilòn, malè pou ou, podjab.
47. Menm jan ke li abiye pitit fi ou tankou pwostitiye atire e sedwi anmoure ou yo ki toujou ap aswafe pou ou.
48. Ou kopye tout konbinèzon e pratik a vil pwostitiye sila.
49. Se sak fè Bondye di: "Map voye sou nou yon tèrib mechanste" vevaj, mizè, grangou, epe, pèst, winn nan kay, vyolans, lanmò.
50. Fòs ak splandè ou ap fane tankou yon flè lè chalè cho tombe sou nou.
51. Apre ou va yon pòv fèb fanm, ke yap bat , blese e ki pa kapab resevwa rich anmoure ou la ankò.
52. Eske mwen ta fewòs anpil konsa ak ou, di Seyè,
53. Si ou pat touttan tiye sa mwen te chwazi yo, fè lwanj ou, bat bravo pran plezi nan lanmò yo lè ou te sou?
54. Makiye ou, fè ou bèl!
55 Sa pwostitiye a touche a dwe pou pa ou. Wap touche pou travay ou fè.
56. Sa ou fè pèp chwazi mwen an, Bondye ap rann ou laparèy, di Seyè a; lap livre ou bay yon tèrib dèsten.
57. Pitit ou ap mouri grangou. Yon kout epe ap touye ou; vil ou yo ap efase; tout pèp ou a ap tonbe nan chan batay la. Sa ki anwo nan montay la ap mouri grangou; lè sa a, grangou yo ak swaf ap fòse yo manje pwòp vyann kò yo e bwa pwòp san yo.
58. Wap twouve ou premye nan mizè e gen anpil sa kap vini apre.
59. Lè venkè yo, ap pase pou ale lakay yo,
60. Alò ke yo finn piye Babilòn, yap kraze, brize vil ou a ki nan lapè, detwi yon gran pati nan tèritwa ou la. E se konsa ou va pèdi tout bote ou te genyen.
61. Yo pral demoli ou ; ou pral pou yo tankou yon pay e yo pral pou ou yon dife.
62. Yo va devore ou konpletman ak tout vil ou yo, tè ou yo ak tout mòn ou; yo va boule forè ou ak pyebwa k'ap donnen yo.
63. Yo pral fè pitit gason ou prizonye ; yo pral pran richès ou nan piye ak detwi tout bèl pouvwa a nan figi ou.


CHAPIT 16

1. Malè pou ou, Babilòn ak Asia! Malè pou ou Egypt ak Syria!
2. Abiye ou ak twal anbalaj e chemiz e pouse yon kri lamantasyon pou pitit gason ou ; sò ou pa lwen.
3. Epe a lib ankò kont ou e kimoun kap bay lòt dirèksyon an?
4 Dife ap dirije vè ou. Ki moun kap tenyen'l.
5. Kalamite yo te toujou ap tonbe sou ou. Ki moun ki ka rete yo.
6. Eske yon moun ka fè yon lyon ki grangou kite forè a oubyen eske li kapab tenyen yon pay ki pran dife.
7. Eske gen yon moun ki ka rete yon flèch lanse pa yon moun ki bon nan metye a e ki gen fòs.
8. Lè Seyè a voye kalamite'l yo ki moun ki ka rete yo.
9. Lè kolè'l bay dife ki moun ki ka tenyen'l
10. Lè gen zeklè, ki moun ki pap panike? Lè gen loraj ki moun ki pap tranble ak laperèz?
11. Kant se Seyè a ki lanse menas li, eske gen moun ki kapab reziste a jete kò yo atè, lè'l lap apwoche.
12. Tè a ap sekwe, soti nan fondasyon'l e d'lo lanmè ap bat jouk nan pwofondè'l; vag yo e tout pwason yo ansanm yo ajite devan presans Seyè a e majèste fòs li.
13. Paske bra li yo fò; yap pliye ark e file flèch ke lap lanse yo. Lè yo pati, yo pap rete avan ke yo rive nan fen tè a.
14. Kalamite yo lib, e yo pap fè bak avan ke yo frape tè a.
15. Dife a vivan e li pap tenyen pa avan ke li fini brile tout fondasyon tè a.
16. Yon flèch ki lanse pa yon arche ki gen fòs pap tounen annariè ; se konsa tou, kalamite yo ki dirije vè tè a ap konpòte yo.
17. Malè, malè pou mwen! Ki moun kap delivre'm nan jou sa a?
18. Lè boulvèsman kòmanse, anpil moun ap plenyen; kant grangou frape, anpil moun ap mouri; kant lagè deklare, ampi, wayom yo ap twouble; kant kalamite yo vini, tout moun ap anvayi ak laperèz.
19. Sa lèzòm dwe alò fè, fas a kalamite yo ? Grangou e pèst, soufrans ak moman difisil se fleo sa yo ki vini pou montre lèzòm meyè chemen yo.
20. Men malgre tou, yo pap abandone krim yo, ni raple kout fwèt yo.
21. Yon moman ap vini pou manje vinn bon mache. Si bon mache ke na va kwè ke siy lapè ak pwosperite te vini jwenn nou. Men, menm moman sila, tè a ap vini yon kabann cho ak dezast - epe, grangou, anachi
. 22. Pi fò moun ap mouri grangou e sak siviv grangou a, yap peri ak kout epe a.
23. Moun ki mouri ap trete tankou fimye e pap gen moun pou ofri yo sipò paske la tè a va vid e vil yo anba winn.
24. Pèson pap rete kiltive tè a e bay lòt grenn.
25. Plant yo ap pote fwi yo, men ki moun kap keyi yo. Rezen ap mi, men ki moun kap foule vandaj la?
26. Ap genyen yon gran dezolasyon.
toupatou.
27. Yon moun gen pou'l tann lontan avan li wè yon lòt moun ou tande vwa yon lòt
28. Paske nan tout yon vil, sèlman 10 moun ap siviv. Nan vilaj sèlman 2 ap rete kache nan forè a oubyen nan twou wòch yo.
29. Menm jan tou, nan yon plantasyon oliv, 3 ou 4 oliv ka rete nan chak pye bwa.
30. Tou kòm nan yon chan rezen, sèlman kèk rezen ka chape je pi bon ekzaminè yo;
31. Se konsa tou, nan jou sa yo, 3 ou 4 ap chape je moun kap chache kay pou touye moun.
32. Tè a ap tounen yon dezè e chan yo ap anvayi ak rons. Raje ap pouse nan wout la e nan chemen yo paske pa genyen bèje pou mache sou yo.
33. Vièj yo ap viv ak doulè, lè yo wè yo pa kapab jwenn mari.
34. Jenn gason yo ki ta dwe marye ak yo, yap mouri nan lagè e mari yo ap elimine ak grangou.
35. Men koute'm, nou tout ki sèvitè Seyè a. Pran pawòl mwen a kè.
36. Me pawòl Seyè a. Resevwa'l e pa gen dout sou sa li di:
37. "Kalamite yo isit, tou pre nou e yo pap anreta".
38. Lè yon fanm ansent rive nan 9yèm mwa'l e moman pou'l pouse pitit la tou pre, ap genyen 2 a 3 zè de tan pou zantray li soufri tèrib doulè .Le sa a, pitit la ap soti san pedi tan.
39. Menm jan kalamite yo ap frape tè a san delè, e mond lan ap jemi anba doulè
40. Koute pawòl mwen, pèp mwen an. Prepare nou pou nou batay, e lè kalamite antoure nou, se pou nou montre nou rijid tankou yon etranje ki fenk vini sou tè a.
41. Moun kap vann lan dwe pou pwevwa ke li ka oblije chape ko’l, kouri al kache ; achtè yo dwe prevwa li ka pedi machandiz li achte yo.
42. Machan an pa dwe panse ke li pral fè okenn pwofi ; kontremèt la, ke li ka oblije pa viv nan kay li bati a.
43. Moun ki plante, tankou si li pa ta dwe rekòlte : konsa tou moun ki plante jaden rezen an, menm jan, li pa beswen mete nan tèt li li pray keyi rezen:
44. Moun ki marye yo, pa dwe pou èspere genyen okenn timoun; Moun ki pa marye yo, dwe konsidere tèt yo kòm vèv.
45. Paske moun ki travay, yo travay pou gremesi:
46. Moun lòt nasyon va rekòlte fwi yo, vòlò byen yo, sakaje kay yo, epi pran timoun yo pou prizonye. Sa ki fè pitit yo va konstate yo ap viv nan kaptivite ak nan grangou.
47. Sa ki travay yo, va wè byen yo piye. Plis yo pran swen vil kote yo rete a, kay yo ak pwopwiete yo, e tèt pa yo.
48 Plis m'ap montre endiyasyon’m pou peche yo, di Seyè a.
49. Menm jan yon fanm seryez, kap mache dwat meprize yon fanm kap fè jennès,
50. Se konsa, moun kap mache dwat pray deteste moun kap fè sa ki mal, yo mèt bèl jan yo bèl. Yap kanpe pou yo wè tout peche yo fè nan figi moun, lè moun kap defann kòz yo va vini, pou li mete peche tout moun sou latè aklè.
51. Se poutèt sa pa swiv mechan yo, pa imite zak malonèt yo.
52. Paske, nan yon tan ki pa lwen, yap wè yo baleye sou tè a, jistis va reye nan mitan nou.
53. Pechè a pa dwe pou nye ke li te fè peche ; la va sèlman rale chabon brile a sou pwòp tèt li, si li di: Mwen pa fè okenn peche kont Majèste Letènèl la.
54. Paske Seyè a konnen tou sa lèzòm fè ; Li konnen plan yo, konbinèzon yo, sak nan fon panse yo.
55. Li di " ke tè a fèt " e li te fèt ; e " ke syèl yo fèt" e yo te fèt.
56. Se te dapre pawòl Seyè a ke zetwal yo te fikse nan plas yo ; Li konnen kantite zetwal ki genyen.
57. Li penetre pwofondè yo nan tout mezi yo. Li te mezire lanmè a ak tout sa'l genyen.
58. Ak pawòl li, li kenbe lanmè a nan limit d'lo yo, e sou tèt dlo a, li fè tè a chita.
59. Li plase syèl la tankou yon vout e kenbel an sekirite sou tèt dlo yo, 60. Li mete yon sous dlo nan dezè a, yon letan anwo nan tèt montay yo. Sa ta va sous dlo kap alimante tè a.
61. Li kreye èt imen an e Li plase yon kè nan mitan kò'l ; Li bay lèspri, lavi, konpreyansyon, souf pwòp a Seyè Bondye Tou Pisan ki kreye tout mond lan e devwale bagay kache nan kote ki sekrè.
63. Li konnen byen plan ou e tout sa ki nan panse ou. Malè a pechè yo kap eseye kache peche yo.
64. Seyè ap gade tout kontra yo. Lap rele tout moun pou yo bay kontrandi.
65. Wap kouvri ak konfisyon lè peche ou va ogranjou e zak mechanste ou yo ap la pou akize ou jou sila.
66. Sa ou ka fè ? Kòman ou ka kache peche ou devan Bondye ak zanj li yo
67. Bondye se jij ou. Gen krent pou li ! Abandone peche ou e kite deyè zak
mechanste ou yo pou touttan. Alò, Letènèl ap libere ou de tout touman ou genyen.
68. Flanm deja prèt pou brile ou. Yon gran bosal va desan pami nou. Lap pran kèk nan nou annotaj e lap fè nou manje manje lwa.
69. Sa ki sede yo, ap resevwa mokri, mepri ak move tretman.
70. Pasi pala, e nan tout vwazinaj yo, ap genyen yon atak vyolan sou moun ki gen krent Bondye.
71. Lènmi yo ap tankou moun ki fou, yap piye e detwi san pitye tout moun ki gen krent Bondye toujou.
72. Yap detwi e piye pwopriete yo e mete yo deyò nan kay yo.
73. Se konsa tou, na va wè ke pèp chwazi mwen an te kenbe fèm konviksyon'l, menm jan lò reziste devan dife.
74. Koute, wou, ke mwen chwazi di Seyè a, jou soufrans tèrib yo pa lwen pou vini, men map delivre ou de yo.
75. Mete krent ak dout ou dekote. Paske, Bondye, se lidè nou. "Ou ki swiv kòmand ak enstriksyon mwen, di Seyè a, pa dwe pou kite peche vinn yon gwo pwa pou ou, ni zak mechanste yo plis parèt nan pwofil ou.
77. Malè a moun ki razi nan peche yo e ki anvlope ak zak mechan li yo ! Yo tankou yon jaden anvayi ak raje, okenn mwayen pou travèse’l san pikan pa di meli, sikilasyon konplètman fèmen.
78. Li kondane a finn pa detwi nan dife a.


TOUNEN NAN MENI AN