FRENCH       KOUTWAZI "NOU, IZRAYELIT YO "      ENGLISHREF: APOKRIFA |
1. Apre sa, li di'm konsa panse a kòmansman an, pot mond lan pate kò nan plas yo ; pate gen van ak ase fòs pou'l vante ; .
2. Pate gen loraj pou gwonde ; limyè kap flache ; fondasyon paradi a pat kò poze ; . 3. Ni bèl flè pou nou wè ; fòs ki fè etwal yo deplase pat kò etabli ; ni nonb enkalkilab zanj yo pat kò sanble ; . 4. Ni vast kouran èr pat kò nan tout fòs li ; divizyon firmaman pat kò gen non li ; Zion pat kò chwazi kòm God pwòp machpye'l ; . 5. Moman nap viv la pat anko planifye ; ajisman peche’l yo pat anko olalwa tout kom moun ki te mache dwat yo pat anko gen so Bondye sou yo. . 6 Lè sa a, mwen te konsidere tout bagay sa yo ; epi dapre jijman’m e jijman’m sèlman tout mond lan te kreye, menm jan tou ak jijmanm e sèlman jijmanm la va fini. . 7. Pale mwen, mwen reponn li, de entèval ki divize syèk yo. Ki kan premye syèk la komanse e ki kan pwochen syèk la ap komanse ? . 8. Li te di m " Entèval la pap pi gran ke tan ant Abraham ak Isaac, paske Jacob e Esau te desandan'l epi men Jakob te touche talon Esau lè yo tap fèt. . 9. Esau reprezante fen premye syèk la tandiske Jacob reprezante konmansman lòt syèk la. 10. Kòmansman yon moun se men’i epi fen'l se talon'l. Ant men ak talon, Esdras, pa chache enteval. 11. Seyè mwen, Mèt mwen, mwen te di'l ' si mwen te jwenn favè ou 12 Fèm wè fen syèk ou yo, dayè ou te montre'm yon ti bout dènye fwa a. . 13 Kanpe sou de pye ou, li te reponn mwen. Epi, m'a fè ou tande yon vwa kap rezonnen byen fòo. . 14. Men, si ou santi tè a tranble nan plas la kote ou kanpe a, pa panike . 15. Lè’l pale, nou pa bezwen pè, paske li pral kesyon de fen tan an, lèsa a fondasyon sou latè a pral konprann ke lapawòl la se pou yo. 16. Yo pral tranble, yo pwal sekwe, paske yo konnen ke nan fen tan an, yo gen pou yo transfòme. 17. Lè m 'te tande, mwen leve kanpe sou de pye m'. Alò, mwen tande yon son tankou dlo kap koule ; 18. Li te di ankò : Tan an ap vini pou mwen jije moun yo ki sou tè a, 19. Tan an pou'm ka kesyone peche mechan yo, tan an pou imilyason Zion fini. . 20. Tan an pou yon so plase sou l’aj la ki nan wout poul fini. Alò, mwen va montre siy sila. Liv yo ap louvri nan syèl la e tout moun ka wè yo nan menm moman an. . 21. Timoun nan yon ane ka pale ak konvèse ; fanm ansent, pral bay timoun nan twa oubyen kat mwa avan'l bout ; yo pral viv epi yo pral kanpe. . 22. Chan ki te kapab pwodwi yo va briskeman vinn steril. Depo ki te ranpli yo, va twouve yo vid. 23. Ap genyen yon kout twonpèt fò kap pwovoke laperès pou tout moun ki tande'l. . 24. Nan moman sila, zanmi ap konbat zanmi yo, konmsi se ta va lènmi yo ye. Epi tè a ak tout abitan'l yo ap nan laperèz. . 25. Moun ki va siviv apre tout sa yo mwen predi a, yap prezève epi yap wè delivrans ke map pote a ak fen mond mwen an. . 26. Jou sa a, nou pral wè moun ki te vinn monte nan syèl la san yo pat wè lanmò. Alò, lèzòm sou tè ap santi yon chanjman nan kè yo epi lèspri a va pi byen konprann. . 27. Paske sa ki mal yo pral detwi tou kòm fwod yo pral aneyanti. 28. Lafwa va grandi ; koripsyon va metrize, verite a, ki te kache a pandan jou sa yo, va parèt. . 29. Pandan ke li te pale avè m, ti kras pa ti kras plas la kote mwen te kanpe a te kòmanse tranble. 30. Apre sa, li di m': "se mwen menm ki vini pale ak ou tankou yè swa a. 31. Si ou lapriyè ankò, epi si ou fè jenn pou sèt jou, ma va pataje ak ou lòt revelasyon ki pi grav. 32. Paske ou dwe rasire ou ke Letènèl tande vwa ou. Li wè entegrite ak chastete ou obsève tout vi ou. 33. Se poutèt sa li voye'm pou bay ou revelasyon sa yo ak mesaj sila: Gen konfyans ou pa bezwen pè; 34. Pa prese twòp rapidman nan panse ki san pwofi, konnyè a, nan moman sila alòske ou pap aji menm jan an lè dènye moman vini. 35. Apre sa, mwen pran plenyen ankò, mwen fè jènn pandan sèt jou menm jan premye fwa a; mwen te konplete twa semèn nan ke mwen te dwe fè a. 36. Lè 8yèm jou a rive, nan lannwit, kè mwen boulvèse ankò, lè sa a, mwen te kòmanse pale ak Letènèl. 37. Paske mwen te anraje, epi lèspri'm te sanble li vle pati kite'm. 38. Seyè mwen, Mèt mwen, mwen te raple, ou te di nan kòmansman kreyasyon ou te itilize mo. Nan 1e jou ou te di: "Syèl ak tè a mwen vle wè nou e se konsa pawòl ou te bay fwi"; Pawòl ou egzekite. 39. Nan moman sila lèspri ki tap plane a te la ; niaj nwa te fè yon serk won ; silans, kòm pa te gen okenn bri; son vwa lèzom pat kò egziste. 40. Ou komande yon reyon limyè poul parèt defason ke travay ou kapab vizib apati moman sila. 41. Nan 2yèm jou a, ou kreye èspri zanj yo ki nan syèl la ou mande'l pou'l mete yon separasyon ant dlo a: yon kote dlo va desann tandiske lòt kote la va monte. 42. Sou 3yèm jou a, ou bay lòd ou pou dlo vini ansanm nan 7yèm pati nan latè a, kanta sis lòt yo, yo va rete sèk, dapre lòd pa ou se tè sila pou nou travay ak rekòlte devan ou. 43.Yon fwa ou finn pale, ekzekisyon te fèt. 44. Jou sila, yon pil ak yon pakèt fwi te parèt sibitman ; chak gwoup yo te gen yon gou diferan ; flè yo pat menm ; pwofil pye bwa yo varye ; yo chak te gen pwòp pafen pa yo. 45. Nan 4yèm jou a, sou lòd ou, te parèt solèy la nan tout splandè'l, limyè lalinn an ak zetwal yo te nan plas yo. 46. Epi ou bay yo tout lòd pou yo sèvi lèzòm ke ou pral kreye. 47. Sou 5yèm jou a, ou di 7yèm pati a, kote dlo a te sanble, pou'l pwodwi, tou vivan, zwazo ak pwason. 48. Epi se konsa tou, pawòl ou te sifi, pou dlo a ki bèbè e inanime pwodwi bèt vivan yo nan lòd yo resevwa ; sa bay nasyon kòz pou pale de mèvey ou. 49. Apre ou mete de kote de bèt ke ou te kreye ; ou nonmen yon Behemoth ak lòt la Leviathan. 50. Ou sépare youn ak lòt paske 7yèm pati a, kote dlo a te sanble a, pat gen plas ase pou resevwa tou lède. 51. Yon pati nan tè a ki te finn chèch nèt nan 3yèm jou a, ou te bay Behemoth li kòm teritwa'l, yon peyi ki genyen mil montay. 52. Leviathan, li, ou te bay 7yèm pati a ki te dlo. Ou te gade yo pou ou kapab nouri sa ou vle nouri e lè ou vle nouri yo. 53. Sou 6yèm jou ou te bay tè a lòd pou'l pwodwi bèt, bèt sovaj ak zwazo yo. 54. Pou kouwone travay ou, ou kreye Adam epi ou bay dwa sou tout sa ou te deja kreye yo. Se de Adam ke noumenm, pèp chwazi ou lan, te soti. 55. O, Seyè, paske ou te di ou fè 1e mond sa a pou sove nou. 56. Epi tout lòt nasyon ki soti nan Adam yo pa anyen ; yo gade tankou krache oswa goutlèt dlo ki sòti nan yon bokit, 57. Epi, konnyè a tout nasyon menm sa yo ke ou èstime anyen, menm yo ap pilonnen nou, yap devore nou. 58. Apre sa, nou, pwòp pèp ou, te twouve nou anba lòd yo; pèp ou ke ou rele premye pitit ou sèl pitit gason ou lan, chanpyon ou lan, sila ou te renmen plis la. 59. Si mond lan te kreye pou byennèt nou, poukisa nou pa kapab genyen eritaj pa nou ? Konbyen de tan ankò sa dwe rete konsa ?
1. Lè mwen fini pale, menm zanj ki te vinn jwenn mwen avan yè swa a, li ankò te vinn kote'm.
2. Li te di'm : Leve kanpe, Esdras, koute mesaj la mwen pwal bay ou. 3. Mwen di’l : Pale, Seyè mwen : Li kòmanse konsa : Imajine yon lanmè, nan yon zòn ki vas, kote longè'l tankou lajè'l anpil ; 4. Men, pasaj antre li etwat tankou gòj yon rivyè 5. Si yon moun gen detèminasyon pou'l antre nan lanmè a, ke se swa pou voye je sou li oubyen pou kontwole'l, li pap rive nan bouch la eksèp atravè gòj etwat la, 6. Oubyen ankò, imajine yon vil ki te bati nan dezè ak tout abondans li nan machandiz ou bezwen. 7. Men, antre a te non sèlman etwat men li te apik tou ; te gen sou bò dwat la yon gwo dife, e sou bò koch la, yon basen dlo ki te fon anpil. 8. Genyen sèlman yon chemen ant dife a ak gwo twou san fon an ; chemen an jis lajè pou yon moun a la fwa. 9. Si yo bay yon moun vil sa a kòm eritaj, ki jan li ka pran posesyon kado sila eksèp si li ale nan kote sa a ki danjre ? 10. Se konsa sèlman Seyè mwen. Mwen dakò. 11. Li te dim : Se konsa teren Izrayèl la te ye. Se te pou pèp Izrayèl la ke mwen te kreye mond lan. Epi lè Adam transgrese lwa mwen yo kreyasyon vinn antre nan jijman. 12. Wout nan mond sa a, yo anmè kou fièl, etwat, danjere, chaje ak difikilte yo ak soufrans. 13. Wout nan mond lan kap vini an, li laj, briyan, epi li bay fwi ki se lavi etènèl, yon moman ki pap janm fini. 14. Tout moun dwe pase pa la, sinon yo pap janmen kapab resevwa rekonpans kap tann yo. 15. Alò, poukisa, Esdras, ou twouble konsa ak lide lanmò, wou ki pousyè? Poukisa soufri ak lide ke ou dwe mouri ? 16. Poukisa nou pa vire lèspri nou sou sak ki pral rive olye de sak kap pase konnyè a? 17. Seyè mwen, Mèt mwen, mwen reponn : ou te di nan lwa pa ou ke moun ki dwat yo genyen pou yo jwi rekonpans sa yo, men sak pa rekonèt Bondye, yap peri. 18. Moun ki dwat la, li kapab andire pasaj etwat la epi apre la va chache sak gen plis espas nan lajè; moun k'ap fè peche yo ap konte sou tach difisil epi yo pa pral wè wout la vas. 19. Li te di'm, Ou pa pibon jij ke Bondye, ni ou pa pi saj ke Letènèl la. 20. Pito anpil moun kap viv konnyè a disparèt olye ke lwa Letènèl la meprize! 21. Paske, Seyè te bay lèzòm enstriksyon klè, lè yap vini nan mond, lè'l di yo ki jan pou yo genyen lavi, kòman yo ka epaye pinisyon. 22. Men, sak san Bondye te refize rekonèt li, yo kreye pou tè a pwòp dòktrin vid yo. 23. Yo te fè yon règ nan fwod ak enjistis ; anplis de sa a yo di pa gen Bondye ; epi li fè wout li. 24. Yo rejte lwa li e yo refize pwomès li; yo pa ni gen fwa nan dekrè'l yo, ni fè sa kòmandman li yo mande. 25. Alò, Esdras, sa ki vid yo ap twouve anyen, sa ki ranpli yo ap twouve abondans. 26. Koute’m byen ! Jou a pral vini pou siy yo mwen te predi a parèt ; vil la ki envizib konnye a va anba je moun tou kòm rejyon an ki kache a ap vizib. 27. Nenpòt moun ki te delivre de èspri malen yo, yo pral wè pouvwa mwen. 28. Paske piti gason mwen an, Mesi a ap parèt ak moun ki akonpaye'l yo epi lap pote kè kontan, pou 400 ane, bay tout moun ki pral resisite yo. 29. Lè moman sila va fini, Pitit gason mwen, Mesi a dwe pou mouri tou kòm tout moun yo ki vivan an. 30. Apre sa, mond lan pral tounen nan silans li, menm jan'l te ye a, pandan sèt jou menm jan komansman kreyasyon an; lè sa pèson pap vivan ankò. 31. Apre sèt jou sila, mond lan ki pokò kòmanse a ap derape epi syèk la ki kowonpi a ap detwi. 32. Tè a va mete deyò sa’l te bay ladòmi e tounen pousyè sak tap repoze nan silans epi kay yo pral remèt nanm yo tap gade a. 33. Jou sa a, Letènèl ap parèt sou fotèy li pou'l jije ; lè sa, tout mizè, pasyans ap wè bout yo ! 34. Jijman sèlman ap rete; verite ap devwale e kwayans ap pi fò. 35. Zèv li ap derape, rekonpans li ap kòmanse, jistis li pral leve. 36. Selèsa plas touman va parèt epi aprè sa anfas li, na va wè plas repo a; dife lanfè ap devan je tout moun e lòt kote a se paradi .rejwisans lan.. 37. Alo, Bondye Tou Pisan ki nan syel la va di nasyon yo ki soti nan tonm yo : « leve je nou pou nou we ak konprann ki moun nou te nye a, kimoun nou te refize sevi a, san blye komandman li yo nou te meprize. 38. Obsève kote sila, alo la wa wè: Isit la se repo ak jwisans, laba se dife ak latoumant. 39. Jou sila va yon jou san solèy, san lalinn, san zetwal 40. Pap gen nwaj ni zèklè, ni loraj, ni van, ni dlo, ni l’èr ; fènwa va lajounen tankou kou lannwit, 41. Pap gen sezon fredi ni sezon prentan, ni ete ni frèt ni chalè ni vapè, ni lagrèl, ni glas ni nèj, ni lapli, ni lawouze, 42. Ni aswè ni maten, pap gen limyè, pap gen okenn mwayen pou gen limyè oswa flanbo, men se sèlman manifestasyon glwa Bondye Tou Pisan ki nan limye li pwojte te pèmèt yo wè tou sa ki tap pase devan yo. 43. Sa ap dire, kòm si li te pou sèt ane. 44. Se konsa jijman li pral ye, sa va jijman an. Mwen bay revelasyon sila ba ou sèlman. 45. Mwen reponn li: Seyè, mwen ap repete sa mwen te di deja: "Beni, moun kap viv epi ki kenbe kòmandman ou yo! 46. Men, ki sa kap pase pou moun yo ke mwen te fè demand, eske gen yon moun kap viv ki pa fè peche? yon sèl moun ki sou tè a epi yo pa abandone lalwa ou a? 47. Mwen wè, kounnyè a, li ra, moun ke mond kap vini an kapab bay la kontantman alò ke li anpil sa ki va resevwa kondanasyon'l. 48. Paske yon kè peche grandi nan nou ; li elwaye nou de prinsip Letènèl la, mennen nou nan koripsyon e nan chemen lanmò, kondwi nou nan enpyete ; li retire nan lavi nou; Viktim yo pa sèlman yon ti gwoup men prèske tout moun yo ki te kreye a. 49. Zanj lan reponn : "Koute'm, li te di'm, mwen pral ba ou lòt enstriksyon e mwen pral montre ou lòt mèvey ankò. 50. Se poutèt sa Letènèl kreye non sèlman yon mond, men de. 51. La genyen, kòm ou di, moun ki dwat se yon ti kras, tandiske moun kap fè peche yo anpil. Oke! alò tande repons mwen an. 52. Sipoze ou genyen kèk pyè ki ra, eske ou tap ogmate kantite yo lè ou ajoute plon ak ajil ? 53. Non, mwen di'l pa gen moun kap fè sa. 54. Li te dim: Gade'l nan jan sila tou. Li kontinye: Pale ak tè a ak imilite, mande'l lap ba ou repons lan. 55. Di'l ou pwodwi lò, ajan, ak kwiv, fè, plon e ajil. 56. Ou genyen plis ajan ke lò, plis kwiv ke ajan, plis fè pase kwiv, plis plon ke fè, plis ajil ke plon. 57. Alò, jije pou tèt pa ou ki lès nan yo ki gen plis valè e ke moun ta remen genyen. Sa ki abondan oswa sa ki ra anpil. 58. Seyè mwen, Mèt mwen, mwen di: sa ki abondan yo pi bon mache, sak ra yo gen plis valè. 59. Li reponn: Annou gade rezònman sila; sa ki posede yon bagay ki ra gen plis rezon pou'l gen kè kontan ke moun ki posede sa ki abondan. 60. Se menm jan an tou, lè jou jijman ke mwen pwomèt la bout, mwen pral gen kè kontan pou yon ti kantite moun kap viv, paske yo te mete devan tout bagay, se gras a yo nonmwen te pwopaje. 61. Mwen pap gen lapenn pou anpil kap peri yo paske yo pa plis ke vapè a, yo tankou yon flanm dife; yo boule tankou lafimen; yo tounen flanm epi yo disparèt. 62. Apre mwen di: Ou Tè a, Manman, sa ou pote, eske se lèspri moun, menm jan rèst kreyasyon an, yon pwodui pousyè? 63. Men, li ta va pi bon si pousyè a pat janmen kreye alò lèspri moun pata janmen egziste. 64. Men jan'l ye la a, nou grandi ak fòs pou no kapab panse epi nou sakaje pa li, nou kondane pa li e nou konnen sa. 65. Ala tris sa tris pou lèzòm ; ala kè kontan kap blayi nan kan bèt sovaj yo ! Ala tris sa tris pou tout pitit gason a tout manman yo, ala kè kontan pou betay ak band li yo ! 66. Gade kijan yo pi byen ke nou! Yo pa genyen jijman yap tann, yo pa konnen gen touman oswa delivrans apre lanmò. 67. Ki sa ki bon pou nou, nan pwomès a yon lavi nan lavni, si li pral gen touman? 68. Pou tout moun kap viv, lavia chaje ak avilisman ak mechanste, se soti nan yon peche tonbe nan yon lòt. 69. Eske li pa ta pi bon pou nou si pate gen okenn jijman kap tann nou apre lanmò ? 70. Li reponn: Lè Bondye ki anwo nan syèl la kreye mond lan, Adam ak tout pitit pitit li yo, li te premye kreye jijman an ak pinisyon. 71. Konnyè a, reflechi sou pwòp pawòl ou lè ou di: kè nou ap grandi ak nou. 72 Lezom peche ak konviksyon. Se poutet sa pinisyon ap tann yo ; paske yo resevwa kòmandman l yo men yo pa kenbe’l ; yoaksepte lalwa li yo, men vyole yo. 73. Ki sa yo pral di lè yo pral jije? Ki jan yo pra'l pale le jou jijman an rive? 74. Gade pasyans Seye a ak lèzom sou tè a, e ki lè sa va bout ! 75. Epi mwen di si mwen genyen favè nan men ou, Seyè, pèmèt mwen wè limyè sou sa a : lè lanmo rive e ke tout moun remèt nanm li, eske nap dwe rete an repo jouk tan an rive pou ou komanse kreye lot mond ou an oubyen eske latoumant ap komanse menm lè a. 76. Mwen gen pou pale ou de sa tou, li reponn mwen. Pa mete ou nan kategori moun ki iyore lwa mwen. Pakonte tèt pa ou pami moun ki pral nan latoumant yo. 77. Paske bon travay ou, se yon trezo ki kache nan kofrefo Letènèl la byen ke ou pap wèl pa avan dènye jou yo. 78. Men konnyè a, palan de lanmo, kan Letènèl la bay yon moun dènye santans li poul mouri, nanm li ap kite ko a, lap tounen bak kote’l te soti a, bay sa ki te mete’l deyo a e avan tou, pou’l adore glwa Letènèl la. 79. Men, konsènan moun ki te rejete prensip Letènèl la, lè yo iyore lwa li yo epi yo rayi moun ki gen krent Bondye. 80. Lèspri yo pat twouve yo rete yon kote, men yo tap fagabonde nan tout dirèksyon ak latoumant, lapenn, chagren. Tout sa, se te pou sèt (7) rezon. 81. Premye a: Yo iyore lwa Letènèl la. 82. Dezyèm lan : Yo pedi dènye chans yo ki te kapab bay yo lavi. 83. Twazyèm lan : Ya va wè dèyè vitrinn rekonpans pou moun kite kwè nan alyans ak Bondye ki nan syèl la. 84. Katriyèm lan : Yap komanse pa panse a touman kap tann yo nan fen tan an. 85. Senkyèm lan : Yap wè ke zanj yo se gadyen abitasyon lot nanm yo ki nan yon pwofon silans. 86. Sizyèm lan: Yo wè ke pa rete anpil tan pou yo nan latoumant. 87. Setyèm lan: koz lapenn lan, se li ki pi fò nan tou sa mwen te di nou an. Yo kouvri ak wont, anvayi ak krent lè yo wè devan yo tout bèl pouvwa Letènèl la ki anwo nan syèl la kont ki pandan lavi yo, yo te peche, epi douvan’l yo pral pase anba jijman. 88. Pou moun ki te rèespèkte kòmandman Letènèl la ki gen tout pouvwa a, me sak rezève pou yo, lè yo soti nan kò mòtèl yo. 89. Paske, pandan tout sejou yo sou tè a, yo te sèvi Letènèl la malgre gwo lafliksyon kontinyèl ak danje, yo te obsève san okenn neglijans lòd yo nan lalwa Moyiz la menm jan enstriksyon te vinn jwenn yo. 90. Me rekonpans yo. 91. Dabò, yap soti kote yo ye a pou yo kapab wè ak gwo kè kontan tout bèl pouvwa Grand Mèt la ki resevwa yo kòm pwòp pa li epi yo pral repoze yo ak lakontantman ki pral manifeste’l nan sèt (7) fason sa yo: 92. Premye jou-a, se viktwa yo kònt tandans natirèl a yo pou yo fè mechanste ki pat rive trennen yo nan lanmò. 93. Dezyèm jou-a a : Se pou yo wè nanm mechan yo mouvmante tout tan san pale de pinisyon kap tann yo. 94. Twazyèm jou-a a : se te yon bon repotkat yo resevwa de Bondye Papa yo ki nan syèl la ki te spesifye pou yo ke tout tan yo te pase sou tè a, yo te toujou konpote yo djanm dapre enstriksyon yo te resevwa sou lwa Seyè a. 95. Katriyèm lan : se lè yo konstate plas la kote yo te twouve yo a, te gen zanj nan syèl la ki tap siveye’l. Te gen silans total kapital. Yo realize tou ke moman glwa kap tann yo pa lwen. 96. Senkyèm jou-a a: se lè yo wè mond koripsyon sila yo te kite deye lan, e ke yo tout kontan plis te chape nan lanmò natirèl ak yo te eritye eritaj la yo te resevwa; Apre sa, yo pral wè yo ke yo te sipòte yon kote etwat, plen ak touman, epi yo jwenn espas nan lajè kote yo kontan lwen mouri. 97. Sizyèm jou-a, se revelasyon yo genyen ke yo pral briye tankou zetwal, yo pap janmen ni dejenere ni mouri e ke figi yo pral klere tankou limyè solèy la. 98. Setyèm jou-a , se manman kozea, se li ki pi fò nan tout. Yo gen pou yo libere yo de tout krent, olye de wont ya va genyen asirans ak kè kontan, paske yo wè yo pa lwen pou yo fas a fas ak Seyè a, Bondye nan syèl la ke yo te sèvi pandan lavi yo, e ki pral resevwa yo ak glwa ak rekonpans. 99. Jou sila yo mwen sot mansyone a, se konsa dèsten moun ki te mache dwat yo te ekri ; kanta latoumant yo mwen te dekri nou avan an, yo konsène soufrans moun ki rebèl yo. 100. Answit, mwen ajoute : Kant lèspri separe de ko a, eske yap kapab genyen opotinite pou yo wè sa ou dekrim lan ? 101. Yap akode yo sèt jou, li reponn mwen, pandan 7 jou sa yo, yo ka obsève sa mwen te moutre ou yo, apre sa, ya va rejwenn lot espri yo nan abitasyon yo. 102. Mwen kontinye : Mèt, si mwen jwenn favè nan je ou, di sèvitè ou, si, jou jijman an, moun ki jist yo kapab entèsede, lapriyè Bondye ki nan syèl la pou moun k'ap fè peche yo ? 103. Eske yon papa kapab fè sa pou pitit li, oubyen yon pitit pou paran’l, yon frè pou lot frè’l yo, paran’l oubyen zanmi’l ou moun ki chè li ? 104. Ou genyen favè mwen, li reponn mwen epi li kontinye : jou jijman sila ap yon jou desiziv ki ap plase so verite’l la pou tout moun kapab wè. Nan moman sila, yon papa pa kapab voye yon pitit gason nan plas li, ni yon pitit gason voye papa’l, yon mèt èsklav li, ni yon jennom pi bon zanmi’l pou li malad nan plas li oubyen pou’l domi, manje oubyen pou resevwa swen pou li. 105. Menm jan an tou, lè jou sila va vini, se absoliman enposib ke yon moun lapriyè pou yon lòt. Chak endividi ap rèskonsab zak li, pral gen pèsonn ki kapab rejte chay l 'sou moun parèy li yo, paske tout moun ap soufri sa l' merite yo epi yo dwe rèskonsab pou aksyon l 'yo. 106 Mwen reponn li alo, koman sa fè ke Ekriti Sent yo pale nou de anpil entèvansyon ki te fèt. Anpremye, nou jwenn Abraram entèsede yon fwa pou lavil Sodòm. Apre sa, Moyiz lapriyè pou zansèt nou yo, lè yo tap fè peche nan dezè a. 107 Te gen tou Joshua ki te priye tou pou pèp Izrayèl la epok Akan an, Samyèl nan tan Sayil la. 108. David, sou epidemi an, ak Salomon pou tanp Jerizalem lan. 109 Elijah pou lapli ka tonbe sou non pèp la tou kom pou’l ka leve yon moun mouri. 110 Ezekiah priye pou moun Babilon yo nan epok Sennacherib yo, daye, genyen anpil lot ankò. 111. Se konsa, si nan tan an lè koripsyon ogmante, kote enjistis te toupatou, jis entèsede pou moun k'ap fè peche, poukisa yo pap kapab kontinye ap fè’l menm jan an nan lè jijman? 112 Zanj lan ban’m repons sila : Mond nap viv la se pa dènye a, epi tou, tout bèl pouvwa a Seyè a p'ap rete lAdam ’l tout tan; Se poutèt sa, moun ki fò yo, ki anime ak lèspri Bondye Tou Pisan, yo te kapab lapriyè pou fèb la. 113. Men, jou jijman an ki pral fen mond sa a va egalman konmansman lòt mond lan kap vini an, kote lanmò pral sispann; se yon mond kote pap genyen koripsyon, 114 Tout anvi, san limit pap egziste, enkredil yo derasine, pou pèmèt jistis la laye kò’l epi verite a va leve soti vivan tankou solèy la. 115. Jou sa a, pap gen pitye pou yon moun ki mouri nan pwosè a; tou kòm yon moun ki genyen, pèsonn pa ka fè l 'anyen. 116. Mwen reponn: Se tankou m 'te di nan premye fwa a; e kounnyè dènye mo mwen : ala bon sa ta bon si tè a pat janmen pwodwi Adam. E, kòm li deja la, poukisa yo pat frennen’l pou’l pa tonbe nan peche. 117 A kwa bon ke nap viv nan la mize konnye a, anplis de sa, le lanmò rive se pinisyon kap tann nou ? 118. O Adam, ki sa ou fè konsa ! Peche ou pat pwovoke defet ou selman, se defet pa nou tou. Se defet tout desandan ou yo. 119 A kwa bon pwomès imòtalite yap pale nou an alòske nou komèt peche kap trennen nou nan lanmò ? 120 Oswa esperans letènite a, nan eta mizerab ak initil kote nou te vini twouve nou an 121. Oswa fè rèv ke nap rete an sante, ke nap gen sekirite, lè nou te kontinye ap fè sa ki mal? 122. Glwa Seyè Tou Pisan va gide moun ki tap mache dwat yo nan lavi a ; men, e pou nou ki te gen yon kondwit deplorab, kote èd pa nou ap soti ? 123. Akwa bon pale nou de paradi a ak fwi’l yo ki pap janmen gate, se la sous bonjan satisfaksyon ak gerizon tabli ? 124. Paske nou pap janmen ka mete pye nou lAdam ’l, vike nou kontinye ap naje nan kòripsyon ? 125. Moun ki mache dwat yo, anba banye enstriksyon Seye a, ya va we figi yo pi klere ke zetwal yo ; men kisa nou ka twouve bon nan sa, nou ki gen figi nou pi nwa ke lannwit lan ? 126. Paske pandan tout vi nou, nap vagabonde, nou pa janmen panse a soufrans kap tann nou apre lanmò ? 127. Zanj lan reponn mwen : Me sa tout moun kap batay sou tè a dwe kenbe nan lèspri yo. 128 Si li pèdi, li dwe aksèpte soufrans ou fenk mansyone a. Men, si li ranpòte viktwa a, rekonpans yo mwen te dekri yo va pa li. 129. Paske se te wout sila ke Moyiz te mande pèp la poul pran, lèl di’l: Chwazi pou lavi de manyè pou ou ka viv. 130. Men, yo pa t 'kwè l', ni pwofèt yo ki te vinn dèyè l ', ni mwen ki te pale ak yo tou. 131. Lè kondanasyon yo rive, pap genyen tristès. Se lakontantman kap genyen pou delivrans moun ki te kwè yo. 132 Seyè mwen, mwen reponn li, mwen konnen ke Bondye Tou Pisan an gen pou non “papa bon kè » paske li gen konpasyon pou moun ki pokò fèt yo ; 133 Li gen pou non « mizerikòdye » paske li gen bwa’l gran ouvè pou’l resevwa moun ki repanti yo e ki aksèpte viv selon règleman’l. 134 Li tou, gen pou non « pasyans » paske li montre anpil pasyans pou moun ki ap viv nan peche, alò ke se pwòp kreati li yo ye. 135 « Byenfetè » paske ke li prefere bay ke li pran. 136 E li « rich nan padon » paske li toujou ap padone peche yo, ke sa ki te pase, sak kap fèt konnyè a san bliye sak ki ap vini yo. 137 Dayè san padon repete sa yo, pa tap gen espwa pou gen vi nan mond lan. 138. Li gen non jenere; paske gras a genewozite’l, li delivre pechè yo de zak malonèt yo komèt ; sa vini soulaje yo, sinon pa menm yon nan dimil (1/10000) moun nan limanite te ka viv la. 139. Li se jij la tou, paske amwen ke li padone moun ke li te kreye yo, pa pwòp pawòl li, san bliye ke li efase tout kantite dezobeyisans yo fè. 140 Mwen kwè ke nan tout ras moun ki gen sou la tè, se yon ti ponyen moun sèlman ki ta sove.
1. Zanj lan reponn mwen : Letènèl la kreye mond sila pou anpil moun, men lòt mond lan pou yon ti kras moun.
2. Kite'm ba ou yon ekzanp : Esdras, mande Tè a e lap di ou li kapab pwodwi anpil ajil pou fè krish, men yon ti kras pousyè lò. 3. Se menm bagay la pou mond sila, anpil moun te kreye men yon ti kras ap sove. 4. Mwen di : "Nanm mwen dwe rejwi pou pwofondè entèlijans li ak anpil sajès li". 5. San konsantman ou, ou vini isit e san volonte ou, ou ale apre ou fini pase yon ti bout tan la. 6. O Seyè, ki anwo a, si mwen te gen pèmisyon pou'm apwoche ou, nan priyè'm, mwen ta mete yon grenn nan kè ou ak nan lèspri ou e fè'l grandi jouk li bay fwi pou lèzòm kap peri yo rete anvi. 7. Paske ou se sèl Bondye a e nou tout fèt jan ou te vle a nan yon sèl moul. 8. Ou te kreye yon kò nan matris la, ou ba'l vi ak manm; ou mete'l an sekirite kont dife ak dlo. Pandan nèf mwa, matris la pote kò a ou kreye a nan li. 9. Epi, apre sa manman'l mete'l nan mond lan, apre nesans li, apre kreyason li 10. Ou te bay lòd ke lèt la koule soti nan tout manm yo pou'l ale nan tete'l, se fwi a nan vant manman. 11. Pou yon sèten tan, ki te nouri’l ; apre sa li toujou pran swen pa gen pitye ou. 12. Ou fèl grandi pou'l konnen jistis ou, oubyen aprann lwa ou yo e ou korije'l ak sajès ou. 13. Se kreyati pa ou e ou fè'l grandi ; ou ka fè'l mouri oubyen ou ka bay lavi selon sa volonte ou di ou. 14. Men si ou dwe detwi ak lejète sa ou te fè ak kòmand ou apre tout travay sila, poukisa yo te kreye ? 15. Alò, konnyè a, Seyè a, map pale de èt imen an ke ou konnen byen, men patikilièman map soufri pou pèp ou a. 16. Lè map panse a eritaj ou, se lè sila mwen pran pi gwo kou. 17. Se poutèt sa mwen te kòmanse enplore w pou tèt mwen menm ak poutèt yo, paske mwen wè tonbe nou an, nou menm ki ap viv nan mond sa a. 18. Apre sa, mwen tande lalwa Moyiz la, jan’l gen pou aplike nan mond lan kap vini an. 19. Koute’m byen, tande lapriyè ke map adrese devan ou : Tou Pisan ki nan syèl la te vini pran’l sou tè a. 20. Seyè a ki pa limite ni nan tan an ni nan èspas, ki wè toupatou. Trè Wo a ki abite nan syèl la. 21. Ki gen yon twòn ki envensib, yon pouvwa ki enfini, zanj yo kanpe devan’l al laperez 22 Ki bay lòd pou van an ak dife egziste, Bondye a ki fèm, ki pale yon lang dirab, 23. Lwa li yo fò, lòd li yo terib ; desiZion ou deseche yon gwo twou san fon, kòlè ou fonn mòn yo nan dlo ak jistis se temwayaj ou. 24. O Seyè, tande demand kreyati ou, bay pawòl mwen konsiderasyon. 25. Tout tan map viv, map pale ; tout tan konpreyansyon ap travay, map reponn. 26. Pa gade sou dezobeyisans pèp ou, gade sou moun yo ki sèvi ou ak tout fwa yo. 27. Pa pote atansyon sou moun kap fè peche yo, moun kap pousiv ou, men a nou ki obsève òdonans ou e ki soufri pou sa. 28. Pa panse a moun ki, pandan tout vi yo, yap patoje nan move zafè, men raple ou de tou sa yo ki rekonèt ou, ki gen krent pou ou jouk nan fon kè yo. 29. Pa detwi sak kap viv tankou zannimo, men gen yon atansyon spesyal pou sa ki pote briyan temwayaj pou lwa ou yo. 30. Pa fache kont sa ou jije ki pi mal ke bèt yo, men montre lanmou pou sa yo ki kwè nan glwa ou san repwoch. 31. Men, nou ak tout moun devan nou, nou te fè peche mòtèl; gen pitye nou ak tout moun ki te peche. 32. Si nou gen pitye pou nou ki pa gen bon zèv, yo pral rele jòdi a Mizerikòd. 33. Pou moun ki jis yo wap genyen pitye pou yo paske bon zèv deja sere nan kòf ou. 34. Ki sa lòm ye, pou ou ka move kont li ? oubyen ras mòtel la pou ou trete'l si sovajman ? 35. La verite sè ke nanpwen moun ki pa fèt san peche. Pa genyen moun kap viv ki inosan, 36. Moun ki genyen anyen ki bon asosye a non yo, se gras a mizerikòd ou ke yap konnen jistis ak bon jan. 37. Zanj la banm repons sila: “Anpil nan sa ou di yo se verite e yo gen pou yo rive menm jan ou prevwa’l la. 38. Razire ou, mwen pap panse a peche yo, a kreyason yo, a lanmò yo, a jijman yo ou kondanasyon yo epi ak rekonpans final yap genyen. 39. Men mwen rejwi nan moun ki dwat yo, nan kreyasyon yo, nan lè yap kite mond lan, nan rekonpans final yo. 40. Se konsa mwen te di'l e se konsa lap rive. 41. Fèmye a simen grenn nan tè a, li plante anpil plant men se pa tout grenn yo kap grandi lè sezon an rive. Ni se pa tout plant yo kap bay rasin. Se konsa li ye nan inivè lèzòm lan, se pa tout sak seme yo kap prezève. 42. Le mwen tande pawòl sa yo, mwen reponn: 43, "Si mwen genyen favè ou, kite'm pale. Grenn fèmye a pa grandi, petè li pa resevwa lapi lèl bezwen’l lan epi sa ka rive tou lè gen twop lapi." 44. Men lòm ki moule ak pwòp men ou e ke ou te bay pote imaj ou san bliye pou byenet li ou fe tout bagay, eske ou vle konpare’l ak grenn ke femye yo plante ? 45. Epaye pwòp pèp ou a e gen pitye pou yo, lè sa a, wa va gen pitye pou pwòp kreyason an. 46. Li reponn mwen "Sa kap fèt konnyè a, se pou moun kap viv konnyè a. Sak dwe fèt konsène moun kap vini yo. 47. Ou pa kapab gen pou kreyason mwen yon lanmou ki plis pa se mwen- nou pa bezwen pale de sa ! Men pa janmen ankò mete ou nan bò kote moun ki enjist yo kòm ou fè'l souvan. 48. Poutan, Letènèl la, rekonèt modèsti ou ; 49. Ou pa chache yon glwa lè ou mete tèt ou nan mitan milye sen yo. 50. Nan dènye jou yo, abitan mon d lan ap resevwa yon soufrans amè kòm pinisyon pou awogans yo. 51. Men, ou Esdras, ou dwe dirije panse a ou menm e a glwa ki va kouvri tout moun ki tankou ou yo. 52. Pou nou tout, Paradi a ouvè, pyebwa ki bay lavi a plante, syèk la kap vini an pa lwen, abondans nan magazen an, vil la deja bati, repo nan travay di garanti, bonte ak sajès rive nan pèfèksyon yo. 53. Rasinn mal la detache nan nou, pou nou pa gen maladi ankò, lanmò aboli, lanfè a chape poul li e dejeneresans pa ekzite ankò. 54. Tout trstès ap fini e trezò imòtalite a va finalman revele. 55. Pa poze kesyon ankò a propo moun ki pèdi yo. 56. Paske yo te bayo libète yo e yo itilize'l nan meprize Letènèl, yo revolte kont lwa'l e yo abandone chemen li te trase a. 57. Wi, yo pyetine bon sèvitè'l yo; yo deklare antre yo. 58. "Pa gen Bondye", byenke yo konnen fòk yo mouri. 59. Kote pa ou, va gen la kontanman, jan'm te predi'l la; kote pa yo se la swaf, se touman ki prepare kap tann yo. Si tèlman, Letènèl pa vle okenn moun peri, 60. Men sa li kreye yo pote dezonè sou non Kreyatèr a; tout moun li te bay lavi’l pou yo a, men, se moun sa yo ki derèspèkte non Bondye ki te kreye yo a; yo pat gen rekonèsans pou moun ki te bay lavi ki pap janm fini an. 61. Se pou tèt sa, jou jijman pa lwen pou'l rive. 62. Mwen pap pale konsa ak toutmoun, eksèpsyon fèt de ou ak kèk ki tankou ou. 63. "Seyè mwen, mwen reponn, ou revele ban mwen anpil siy ke ou pral mete an aksyon nan dènye jou yo, men ou pa dim ki kan sa pral rive.
1. Zanj lan reponn: Make ak presisyon lè siy yo mwen predi yo ap manifèste. 2. Alò, wa konprann lè a rive pou Letènèl jije mond lan ke li te kreye a. 3. Lè, nan mond lan nap wè tranblemandetè toupatou, enzirèksyon, konplo ant nasyon yo, gouvènman enstab, panik pami moun kap dirije yo, 4. alò wa rekonèt yo menm jan yo te predi pa Letènèl depi kòmansman premye mond lan. 5. Menm jan an, tout sa ki fè sou tè sila, gen komansman'l, gen fen'l ki klèman make, 6. Se konsa tou ke Letènèl te sèvi de tan pou detèmine : kòmansman ki make pa prezaj e mirak tandiske fen an pa manifèstasyon pouvwa. 7. Nenpòt moun ki soti san okenn domaj e ki pa sibi dèstriksyon gras a bon zèv li oubyen fwa ke li manifèste gen pou'l siviv tout lòt danje. 8. Mwen te predi e temwen delivrans ke mwen ap pote sou tè mwen an, peyi sila ke mwen rekonèt kòm pa mwen pou tout etènite. 9. Alò, sa yo ki abize lwa mwen, ya va genyen sipriz. Mepri yo pou li ap bay yo touman tout tan. 10. Tout moun ki, nan peryòd lavi yo, pa rekonèt mwen, malgre tout bagay mwen bay yo. Tout moun ki meprize lwa mwen alò ke yo te gen libète yo, 11. Tout sa ki rejte ide penitans lan alò ke chemen an te ankò louvri. 12. Tout moun sa yo gen pou yo aprann verite a nan touman yo pral genyen apre lanmò. 13. Pa fè kiryozite ankò, Esdras, pou ou konnen kòman enpi yo pral toumante, men sèlman kòman e ki lè jist yo ap sove. Mond lan pou yo, li te egziste pou yo. 14. Alo, mwen reponn, mwen di li konsa : 15. "Map repete sa mwen te di plizyè fwa : Kantite moun ki pèdi yo depase anpil sak ki sove yo, 16. Menm jan yon gwo vag lanmè a devan yon gout d'lo." 17. Zanj lan reponn :" grenn lan pou li seme sa depann de tè a, koulèr ki sou flè a, 18. Te gen yon moman, avan ke mond lan te kreye pou ke lèzòm abite'l, nan moman sila, mwen te fèl pou byennèt moun ki egziste konnyè a. Pat gen moun pou diskite plan mwen. 19. Mwen bay mond sila nouriti pou tout tan e lwa ki misterye. Men moun mwen te kreye yo tonbe nan koripsyon. 20. Mwen gade mond mwen an e mwen wè'l blayi tankou yon bagay ki gate, tè a an danje devan mechanste e nan konsta sila mwen te apen kapab epaye'l. 21. Mwen te gen anpil pitye devan tablo sila. Mwen te fè tèt mwen rezon lè mwen tire yon grenn nan jaden pou mwen ak tij nan forè a. 22. Lè sa a, sak fèt, kit'l fèt ! Dèstriksyon pou anpil moun ki te fèt anven. Mwen te konsève green pa mwen, pyebwa sila mande anpil travay pou kenbe'l nan pèfèksyon. 23. Ou, Esdras, ou dwe tann yon lòt semen. 24. Pa fè jenn nan tan sila, men ale nan chan flè a, kote pa gen kay e manje sèlman sa ou twouve la. Mete vyann ak diven dekote e priye san repo bay Letènèl. 25. Alò, map vini pale ak ou ankò. 26. Se te konsa, mwen ale nan yon chan ki rele Ardat, menm jan zanj lan te rekòmande'm lan. La, mwen chita nan touf flè yo, nouritim se sak te nan chan an. Se konsa mwen manje jouk mwen satisfè. 27. Semèn lan fini e mwen te kouche sou gazon an, twouble ankò nan lèspri'm ak menm dout yo. 28. Mwen soti nan silans mwen, pou'm pale ak Letènèl. 29. O Seyè, mwen di: "Ou te presante tèt ou bay pèp ou nan dezè a, lè yap kite Egypt pandan ke yo te twouve yo sou yon chemen èsteril, kote pa te gen ni zèb ni pyebwa. 30. Ou di : "Tande'm Izrayèl, koute pawòl mwen, ras Jakòb yo. 31. Me lwa pa mwen, mwen pote nan mitan nou pou'l pote fwi ak glwa pou tout tan." 32. Men papa nou yo ki resevwa lwa ou pa kenbe yo, yo pa obsève kòmandman ou. Pa paske fwi lwa a gate. Sa enposib, paske se pa ou ke li ye. 33. Moun ki resevwa'l peri paske yo pat konsève bon grenn nan ki te semen nan yo. 34. Konnyè a, jan bagay yo fèt abityèlman, sè ke lò grenn lan plase nan tè a, oubyen bato nan lanmè ou menm nouriti ou bwason nan yon bokal, 35. Alò si grenn lan ou bato a ou sa ki nan bokal la ta dwe gate, sak ki kenbel pap peri ak li. Men se pa menm jan li ye pou nou ki pechè. 36. Dèstriksyon ap frape nou ki resevwa lwa e lap pèfore kè nou, ki se depo kote lwa yo rete. 37. Lwa a, an li menm, li pap detwi. Lap siviv ak tout glwa li. 38. Pandan ke panse sa yo te nan lèspri'm, mwen voye yon kout je otou mwen, nan bò kote dwat la, mwen wè yon fanm ki nan yon gwo lapenn, li tap rele byen fò; rad sou li te chire e tèt li kouvri ak sann dife. 39. Panse ki tap boulvèse'm yo kite'm. Mwen ale jwenn li e mwen te di: 40. Poukisa w'ap kriye konsa? Ki sa ki mete ou nan lapenn? 41. Li te di’m : « Kite'm, Mesye, kite m' kriye , kite'm ak doulè mwen, paske menm jan mwen nan kè'm mwen gen gwo lapenn an, se konsa mizè mwen gwo. 42. Mwen rekòmanse mwen di'l manyè pale ak mwen, ki sa ou genyen. 43. Mesye, li reponn, mwen te èsteril, mwen pat kapab fè pitit nan trant ane maryaj mwen. 44. La jounen tankou lannwit map lapriyè Letènèl pandan trant an. 45. Apre trant ane, Letènèl reponn priyè mwen. Li te gen pitye pou mwen. Li te pran note de tristès mwen, se konsa li banm yon pitit gason. Se pa de kè kontan li pat bay marim, mwenmen ak tout vwazen nou yo. Se pa de remèsye nou pa remèsye Letènèl. 46. Mwen te wè pitit mwen an ap grandi ak anpil difikilte. 47. Lè li te gen laj, mwen te chwazi yon madanm pou li, mwen fikse dat maryaj la.
1. Men lè pitit gason mwen an antre nan chanm lan pou'l marye, li tonbe e se konsa li mouri.
2. Alò nou tout tenyen lamp nou, vwazen yo vini bannou rekonfò. Mwen kontwole doulè'm jouk landemen nan apre midi. 3. Lè tout moun te fini ban'm kouraj, pou'm kontwole lapenn mwen, mwen abandone yo e nan mitan lannwit la, mwen vinn isit la, kòm ou ka wè'l nan chan sila. 4. Mwen deside mwen pap janmen tounen nan vil la ankò, men map rete isit la san manje, san bwè e pou'm kontinye lamante ak fè jenn jouk lanmò mwen bout. 5. Se lè sa a, mwen met dekote sanm tap panse yo e mwen kòmanse pale sevèman ak fanm lan. 6. Ou se fanm ki pi ensanse nan tout mond lan. Mwen di'l :"Eske ou avèg devan soufrans ak lapenn nasyon nou an. Men ou gen yon gwo lapenn pou pwòp pitit gason ou. 7. Se pou tristès ak imilyasyon Zion , manman nou tout, ke ou te dwe bay tout lamantasyon sa yo ke nou tout genyen. Ou ta dwe pataje doulè ak tristès la ke nou tout geyen an. 8. Men ou tonbe nan yon pwofond tristès pou yon grenn pitit gason ou. 9. Mande tè a e la di ou, lidwe soufri pou mil e mil ki fèt de li. 10. Nan li, orijinèlman, nou tout soti, e genyen ankò plis kap vini. 11. Paske tout pitit li yo tonbe nan pèdisyon e yon gwo kantite baleye. Ki alò genyen vrèman bon kòz pou li nan lapenn? Tè a ki pèdi yon pil ak yon pakèt oubyen woumenm ki trist pou pa ou la sèlman. 12 Ou ka petèt menm di ke lapenn ou an pa menm ak pa tè a; mwen pèdi fwi pwòp zantray mwen, sa mwen bay nesans lan ak anpil doulè ak anpil fòs. 13. Men se nan travay lanati menm ke kantite enòm kap viv konnyè a sou tè a dwe kite, menm jan yo te vini an. 14. Mwen reponn li konsa: " Pou ou te vinn yon manman sa genyen pri li; se doulè, men nan menm jan tou, tè a te toujou yon manman pou èt imen, li te bay fwi dapre dizon Kreatè a". 15. Kenbe tristès ou pou ou sèl e pote devenn ou ak kouraj. 16. Si ou vle aksèpte dekrè Letènèl la kòm jist, alò lè moman rive ou va resevwa pitit gason ou an ankò e wap genyen yon non chaje ak onè pami fanm yo. 17. Ki donk, tounen nan vil la, jwen mari ou. 18. Li reponn mwen : "Mwen pap tounen nan vil la, map rete isit jouk mwen mouri." 19. Men mwen kontinye ap diskite ak li. 20. "Pa fè sa ou di a". Mwen te fèm sou sa. " Lè ou raple ou de devenn.Zion, sa dwe ranfòse fwa ou e lè ou sonje tristès Jerizalèm fòk ou twouve rekonfò ou." 21. Ou wè kòman sanktiyè a tounen yon depotwa, otèl nou demoli e tanp nou detwi. 22. Kòman enstriman mizik nou yo san kòd, chan lwanj nou yo an silans, eklatman kontantman nou vinn kout, limyè lanp sakre a tenyen, tout bèl pouvwa nou an tonbe, bwa chandèl nou an ak limyè nou an desann, Bwat Kontra nou an te twouve’l nan men lènmi an ; objè sakre nou yo te disparèt ; non ke Letènèl te bannou te meprize ; lidè nou yo te wont ; prèt nou yo te boule tou vivan; Moun Levi nou yo te vinn prizonye; jèn moun nou yo te trennen nan èsklavaj; timoun nou yo abandone; konbatan brav nou yo pèdi fòs? 23. Sak pi mal, Zion ke Letènèl te sele ak pwòp so li, te twouve'l konnyè a anba men lènmi nou yo. 24. Alò mete dekote lapenn pèsonèl ou yo ak tout tristès ou. Ke Letènèl ranmne ou vè li. Ke Letènèl bay ou repo ak lapè apre tout sekous ou yo. 25. Briskeman, pandan map pale ak fanm lan, mwen wè figi'l kòmanse briye devan'm, tout kò li ap flache tankou loraj e mwen te santi'm piti devan'l ak laperèz ki te anvayi'm. 26. Lè mwen ap chache konnen sak kap fèt la, li sibitman pouse yon kri, a la fwa fò e tèrib, ki fè tè a tranble. 27. Mwen voye jem gade, mwen pat wè fanm lan ankò men yon vil okonplè bati sou yon solid fondasyon. Laperèz te anpare'l de mwen, mwen kriye fò. 28. "Kote zanj Uriel la ki te vizite'm avan an. Se ta va li ki fè mwen tonbe nan konfisyon sila, èspwa mwen ranvèse e lapriyè'm pa gen pwa." 29. Mwen tap kontinye pale, lè zanj lan ki te vinn premye fwa a parèt ankò. 30. Lè li wè mwen, laye kòm, tankou yon kadav, enkonsyan. Li pran'm ak men dwat li. Banm fòs pou'm ka kanpe sou de pyem. 31."Sa kap pase la? li mande'm? Poukisa ou si boulvèse? Ki sa ki twouble lèspri ou? 32. "Se te paske ou abandone'm," mwen reponn li, "Mwen fè sa ou te mande'm yo: mwen soti nan chan an e sa mwen wè e ke map vizialize ankò depase konpreansyon mwen." 33. Kanpe tankou yon gason, li dim, e ma va bay ou èkplikasyon an. 34. Pale, Seyè mwen, mwen reponn sèlman pa abandone'm, pa kite'm mouri san satisfaksyon. 35. Paske mwen te wè e mwen te tande bagay ki depase konpreansyon'm, 36. Amwenke se yon ilisyon e yon rèv. 37. Map sipliye ou pou ou banm èkplikasyon vizyon sila. 38. "Koute'm, reponn zanj lan: Mwen pral èkplike ou siyifikasyon sa kap tèrifye ou paske Letènèl revele ou anpil sekrè." 39. Se te vi pa ou ki san repwoch, lamantasyon ou tout tan pou pèp ou a e lapennn ou pou Zion. 40. Me èkplikasyon vizyon an. 41. Ou fenk wè yon fanm kap lamante e ou tap eseye rekonfòte'l. 42. Konnyè a, ou pa wè fanm la ankò men yon vil tout antye. 43. Li te di ou, li te pèdi pitit gason'l e se te èkplikasyon an sa. 44. Fanm lan ke ou te wè a se Zion .Konnyè a ou wè'l tankou yon vil ki byen bati. 45. Li di ou li te san pitit pou 30 an, se te paske genyen 3000 ane pandan ke sakrifis pat ofri nan Zion. 46. Men apre 3000 ane, Salomon bati yon vil e ofri sakrifis yo, se te moman sila fanm ansent la tap pote pitit la nan zantray li. 47. Sa te bay anpil doulè, li di, pou'l fè'l grandi. Se te moman sila Jerizalèm te abite. 48. Apre, li pale ou de gran pèt la ki fèl soufri, ki jan pitit gason'l te mouri jou li tap antre nan chanm pou'l marye; se te dèstriksyon ki pase pran Jerizalèm tou. 49. Se te vizyon sila ke ou te wè. Fanm lan kap lamante a pou pitit gason'l - e ou tap eseye rekonfòte'l nan doulè'l. Se revelasyon sila ke ou dwe resevwa. 50. Letènèl te wè siplikasyon sensè ou e senpati jouk nan kè ou te genyen pou fanm sila, alò li deside pou'l fè ou wèl nan reyonan glwa li ak bote'l. 51. Se pou sa mwen te di ou pou ou rete nan chan sila, a kote pat gen okenn kay . 52. Paske mwen te konnen Letènèl pral bay ou revelasyon sila. 53. Mwen te di ou, vinn nan chan sila kote pat gen fondasyon pou okenn kay. 54. Paske nan plas sila, kote vil Letènèl pral revele a, okenn kay bati pa lèzòm ka kanpe. 55. Pa gen krent, Esdras, kite kè ou repoze'l. Ale nan vil la pou ou ka wè gran jan kay ke jiska prezan je ou gen pouvwa pou'l wè tout. 56. Alò, apre sa, wa tande otan ke zòrey ou pèmèt ou tande. 57. Ou pli beni ke laplipa dèzòm e yon ti kantite gen non'l devan Letènèl tankou ou. 58. Rete isit la jouk demen aswè. 59. Letènèl pral montre ou nan rèv ak vizyon, sa li konte fè ak abitan tè a nan dènye jou yo. Mwen fè sa yo te dim, mwen domi lannwit sila ak lòt nwit la. OUBYEN TOUNEN NAN MENI AN |