DEZYEM LIV ESDRAS LA    
FRENCH       KOUTWAZI "NOU, IZRAYELIT YO "      ENGLISH
REF: APOKRIFA


CHAPIT 1

1. Dezyèm liv pwofèt Esdras, pitit Saraias, pitit pitit Azarias, pitit Elchias, pitit Shallum, pitit Sadòk, pitit gason Achitob,
2. Pitit gason Achias, pitit Phinees, pitit gason Heli, pitit Amarias, pitit Aziei, pitit Marimoth, pitit Arna, pitit Ozias, pitit Borith, pitit Abisei, pitit Phinees, pitit gason Eleazar,
3. Pitit gason Aaron, nan branch fanmi Levi yo. Mwen, Esdras te prizonye nan peyi Media sou rey Artexerxes, wa Persians yo.
4. Lè sa a, Letènèl pale avèk mwen, Li di'm :
5. "Ale rankòntre pèp mwen, montre'l konsekans peche’l yo, di pitit yo mechanste yo te fè kont mwen ; e mande yo tou pou yo bay pitit pitit yo nouvèl sila :
6. Yo menm peche plis pase zansèt yo, yo te bliye'm jouk yo t'al fè sakrifis pou lòt dye yo.
7. Eske se pat mwen ki te pèmèt yo soti nan peyi Egypt la, kote yo te nan esklavaj? Men yo te vire do ban mwen, yo provoke kòlè'm e menm meprize avètisman mwen yo.
8. Kounnyè a, Esdras, rache cheve nan tèt ou, epi kite kalamite yo tonbe sou yo, paske yo pa't obeyisan devan lwa mwen an. Se yon pèp ki rebèl yo ye.
9. Konbyen tan ankò pou'm sipòte yo, mwen ki te fè tèlman byen pou yo san gade dèyè?
10. Anpil wa, Mwen disparèt poutèt yo; Pharaon se yon nan yo; Mwen detrone'l ak domestik li yo ansanm ak tout pouvwa li.
11. Mwen disparèt tout nasyon yo ki vle bare yo chemen, e, nan bò solèy leve a, mwen te gaye moun yo nan de pwovens, Tyrus ak Sidon, epi mwen touye tout lènmi Izrayèl yo.
12. Pale ak yo. Di yo: "Men mesaj Seyè voye pou nou"
13. Eske se pa te mwen ki te fè nou pase nan mitan lanmè a, se mwen ki te ouvri yon bèl wout byen laj san danje kote pat gen wout avan; Mwen te ban nou Moyiz pou lidè nou, ak Araron pou prèt nou.
14. Mwen te bannou limyè nan yon flanm dife, san konte gwo bèl mirak mwen fè nan mitan nou ; malgre sa, nou bliye'm, di Letènèl.
15. Men sa Letènèl ki gen tout pouvwa di. Mwen te bannou zòtolan yo pou yon siy ; Mwen te ban nou tant pou pwotèksyon nou ; men, malgre tou, se bougonnen nap bougonnen.
16. Olye ke nou kriye viktwa mwen te bannou lè'm pèmèt dèstriksyon lènmi nou yo. Depi lè sila, tout tan, jouk jòdya, nou ankò ap plenyen.
17. Kote yo ye, benefis yo ke mwen te fè pou nou? Lè nou te grangou ak swaf dlo nan dezè a, eske nou pat kriye nan pye mwen :
18. Poukisa ou te mennen nou nan dezè sa a pou ka touye nou ? Li te pi bon pou nou, pou'n te sèvi moun peyi Egypt yo, pase nou mouri nan dezè sa a.
19. Sa te fè'm mal anpil lè'm tande nou tap plenyen, epi mwen te bannou lamann pou manje ; se konsa nou te manje manje zanj mwen yo.
20. Lè nou te swaf dlo, mwen te fann yon wòch epi dlo koule ankantite ; pou chalè pa touye nou, mwen kouvri nou ak fèy pyebwa yo.
21. Mwen bannou tè fètil, yon tè kap pwodwi pou nou pataje nan mitan tribi Izrayèl yo, e mwen chase moun Canaanites yo, moun Pherizites yo ak moun Philistines yo ki te kanpe an kwa devan nou. Kisa pou'm ta fè ankò pou nou ? di Letènèl.
22. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa ajoute : " Lè nou te nan dezè a, nan gwo larivyè a moun Amorites yo, yo te swaf, t'ap joure non mwen,
23. Mwen pat bay nou dife pou blasfèm nou. Men, mwen jete yon pyebwa nan dlo a, pou fè gwo larivyè Euphrates la dous.
24. Ki sa pou'm fè ak nou, pitit Jakòb yo ? Juda, ou pa soti pou obeyi'm. Mwen pral lonje men bay lòt nasyon, map bay yo non mwen pou yo pote, e yap kenbe lòd mwen yo.
25. Paske ou lage'm, m'ap vire do bannou tou ; lè sa a, nou vle mwen gen pitye pou nou, mwen p'ap gen pèsonn pitye.
26. Lè nou adrese'm nan priyè nou, mwen pap janmen tande nou. Men nou sal, yo tranpe nan san, pye nou rapid pou n'al touye moun.
27. Se pa mwen nou vire do bay, se pwòp tèt pa nou vire do bay. Se Letènèl ki di sa.
28. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di ankò :"Eske mwen pa rele dèyè nou tankou yon papa kap rele dèyè pitit gason'l, menm jan yon manman dèyè pitit fi li, menm jan yon bònn dèyè ti moun ki sou kònt li"?
29. Eske mwen pat di : Si nou vle pèp mwen an, map ka Bondye nou an ; si nou vle pitit mwen, mwen va yon papa pou nou ?
30. Mwen sanble nou tout ansanm, tankou yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li. Men kounnyè a, kisa pou'm fè pou nou? Mwen pral voye nou jete byen lwen devan je'm.
31. Lè n'ap presante fèt sa yo banmwen, M'ap wote figi'm nan mitan nou. Map pran tout gwo jou fèt nou yo, fèt plenn linn nou yo ak fèt sirkonsizyon nou yo, Map voye yo jete.
32. Mwen voye pwofèt mwen yo, sèvitè'm yo, nou te touye yo, ak chire kò yo an miyèt moso. Pou tèt san yo ki nan men nou, map mande nou regleman. Se Letènèl ki di sa.
33. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di ankò : kay nou yo ap rete vid, mwen pral voye jete nou tankou yon pay van ap mennen ale.
34. Pitit nou yo pa dwe fè anpil pitit ; paske, menm jan tankou ou, yo te meprize kòmandman'm yo e yo fè sak mal devan je'm.
35. Mwen pral remèt kay nou yo bay yon lòt pèp kap vini ; yon pèp kap gen konvyans nan mwen alò ke li pat konn tande pale de mwen, moun kap fè sa mwen mande yo fè alò ke mwen pat bay yo okenn siy.
36. Menm kant yo pat janm wè pwofèt yo, men, yap toujou kenbe nan lèspri yo tout sa pwofèt yo te di nan tan lontan. Se yo menm map rekonèt pou moun pam.
37. Mwen fè sèman se moun sa yo kap vini an, kap resevwa favè'm yo. Pitit yo pral ponpe si tèlman yap kontan. Menm kant yo pat wè'm ak je yo, lèspri yo ap ouvri, yap kwè tout sa'm te di yo.
38. Epi, kounnyè a, frè mwen, voye je'w, gade ak kè kontan moun sa yo kap vini soti nan bò solèy leve a :
39. Se konsa, Bondye mwen pral bayo pou lidè, Abraham, Isaac ak Jacob, Oseas, Amos, Micheas ak Joel, Abias, ak Jonas,
40. Nahum, ak Habacuc ak Sophonuas, Haggeis ak Zachary, ak Malachy ki gen tou pou non’l, zanj mesaje Letènèl la.

CHAPIT 2.

1 Men sa Letènèl la te di : Mwen te fè pèp sila soti anba esklavaj, e mwen te bay yo kòmandman'm. Se te sèvitè'm yo, pou'm byen di, pwofèt yo ki te pote pawòl la bay yo; moun yo pat koute, yo te fè tèt di jouk yo meprize konsèy mwen yo.
2. Lavil Jerizalèm, manman sila ki te pote yo sou tè a te di yo konsa : Ale, pitit gason'm yo, mwen se yon vèv ki twouve'l sèl, abandone.
3. Ak kè kontan mwen te fè nou grandi ; Men, se avèk lapenn ak latoumant, mwen pèdi nou, paske nou te fè peche devan Letènèl, Bondye nou an, nou fè bagay ke mwen kwè ki mal devan'l.
4. Men, kounnyè a, kisa pou'm fè pou nou ? Mwen se yon vèv ki twouve'l sèl abandone : al fè wout nou. O pitit mwen yo, epi mande Letènèl pitye.
5. Oumenm papa Esdras, map rele ou pou sèvi'm temwen, pou fè depozisyon kont timoun sa yo, tankou manman yo fèl la, pou di jan yo pa't kenbe kontra mwen te genyen ak yo.
6. Fè yo wont ak deklarasyon ou yo, fè manman yo tonbe nan konfizyon, anplis de sa se pou yo pa kapab fè pitit.
7. Se pou yo gaye nan bwa nan mitan lòt nasyon yo, se pou non yo disparèt sou tè a, paske yo te meprize kontra'm yo.
8. Malè pou nou, Assyria, ou menm ki reselèz, kap kache mechan yo lakay ou ! Gade jan ou mechan, sonje sa'm te fè Sodòm ak Gomorrah ;
9. Peyi yo ap rete antere anba kouch goudron, anba pil sann dife : se konsa tou, mwen pral fè pou moun ki dezobeyi mwen. Se mwen men Letènèl ki gen tout pouvwa ki di sa.
10. Men sa Letènèl di Esdras ankò. Di pèp mwen an, mwen pral bay yo wayòm lavil Jerizalèm, ke mwen te ofri pèp Izrayèl la.
11. Mwen reprann tout glwa, tout pouvwa mwen te bay Izrayèl e se konsa map fè tou, pou tant mwen yo ki, konnyè a, pral kouvri pèp mwen an.
12. Pyebwa lavi ap semen pafen sou yo ; yo pral fè eksperyans ni penalite, ni fatig.
13. Mande, epi wap resevwa ; priye pou ti tan an wap tan nan ka pipiti ; Wayòm lan deja pare pou nou ; mete nou prèt.
14. Pran syèl la ak latè a kòm temwen : mwen te elimine tout sa ki mal, mwen te ranplase yo ak sak byen, paske mwenmen se eksperyans vivan an ; Se Letènèl ki di sa.
15. Manman, karese pitit ou yo, epi fè yo grandi nan kè kontan, fè pye yo pou yo sa mache djanm, paske mwen te chwazi ou, di Letènèl.
16. Apre, sa ki mouri m'ap fè yo soti nan kote yo tap repoze a, map mete yo deyò nan tonm yo, paske mwen rekonèt ke yo pote non mwen.
17. Nou pa bezwen pè, manman ki gen anpil timoun, paske mwen te chwazi ou, di Letènèl.
18. M'ap voye Idaiah ak Jeremiah, sèvitè'm yo, pou yo ka èd ou. Menm jan yo gen pou anonse'l: Mwen mete nou apa, pou nou kapab pèp mwen an. Mwen prepare pou nou douz pyebwa chaje ak divès fwi,
19. Douz sous kap koule tankou dlo lèt ak siwo myèl, ak sèt gwo mòn ki kouvri ak roz ak flè lili. Se konsa mwen pral plen pitit ou ak kè kontan.
20. Bay vèv lamen, defann sak pa gen papa yo, bay pòv yo, defann òfelen yo, abiye sak toutouni yo,
21. Voye je sou sak fèb yo tankou sak beswen èd yo, pa moke yon moun ki deranje, pwoteje yon enfim, epi mete transparans mwen an nan je moun ki avèg la.
22. Nan antouraj ou, kenbe ansekirite vye granmoun ak jènmoun yo.
23. Yon moun ki mouri men ki pa antere, make'l ak yon siy epi mennen'l nan yon tonm. M'a ba ou plas an premye nan rezirèksyon mwen.
24. Rete toujou kalm, nou menm pèp mwen an, paske tan an pou ou poze dwe pou vini.
25. Pran swen pitit ou. Kopye sou yon bon enfimyè. Ede yo mache pou yo pa tonbe.
26. Konsènan domèstik yo ke mwen te bay ou, pa kite yonn nan yo peri ; paske, lè lèr rive, mwen pral mande pou yo soti nan mitan ou.
27. Pa kite ou boulvèse lè wap fè fas ak latwoublay ou ak moman difisil; lòt moun va kriye konsa, gen lapenn, men ou va gen kè kontan, ou va genyen an kantite.
28. Lòt nasyon dwe anvye sò ou, men yo p'ap ka fè anyen kont ou, di Letènèl la.
29. Men, mwen pral kouvri ou, se konsa ke pitit ou p'ap wè lanfè.
30. Fè kè nou kontan, noumenm manman ansanm ak pitit ou paske m'ap vini delivre nou, se sa Letènèl la di.
31. Sonje pitit ou ki ap dòmi nan tonm, map fè yo soti nan kote sa yo ye sou latè a, mwen va gen pitye pou yo, paske se mwen mizèrikòd, Letènèl la ki gen tout pouvwa ki di sa.
32. Pran byen swen pitit ou, pale yo de bonte'm, paske sous favè mwen yo p'ap janm febli.
33. Mwen, Esdras, te rankòntre Letènèl la sou mòn Horeb. Li bann yon mesaj pou mwen ta ale pote bay pèp Izrayèl la. Men, lè'm te finn pale ak yo, yo pase'm an derisyon, epi yo meprize kòmandman Letènèl la.
34. Se poutèt sa, m'ap di nou, Gentiles yo, ki tande ak konprann : Tann pou Bèrje ou kap vini, l'ap ba ou yon repo ki p'ap janm fini ; paske li toupre, li ki pral vini nan fen mond lan.
35. Se pou nou pare pou resevwa rekonpans wayòm lan, paske limyè a p'ap janm fini klere nou pou tout tan.
36. Pa rete nan lonbraj la nan mond sa a, resevwa jou-a ak mèvèy kap tan ou. Mwen temwaye aklè nan non Sovè mwen.
37. Se li ke Grand Mèt la te nonmen ; O ! resevwa'l epi montre ke nou kontan, di Bondye mèsi ke li te konvoke nou nan wayòm ki nan syèl la.
38. Leve, kanpe epi gade kantite moun ki sele ak so Letènèl la, yo chita nan tab Li.
39. Yo te retire yo nan lonbraj la, nan mond lan ; se sa ki fè yo te ka resevwa abiman klere sila ke Letènèl la bay yo.
40. O Zion ! Resevwa kantite moun pa ou yo, nonb lan okonplè epi fèmen woulo liv moun sa yo ki abiye an blan ; yo te, ak yon fwa djanm, swib tou sa lalwa Letènèl la te mande.
41. Kantite nan pitit yo, ou te vle genyen an, li konnyè a rive okonplè. Lapriyè pou wayòm Letènèl la vini, de fason ke pèp ou a, ki te chwazi depi nan konmansman an, yo ka apa.
42. Mwen, Esdras, wè sou mòn Zion an yon pil ak yon pakèt moun mwen pat kapab konte, epi yo tout tap fè lwanj Letènèl la ak chante.
43. Nan mitan yo te gen yon jenn gason byen wo, pi wo pase tout lòt yo, li te mete yon kouwòn sou chak tèt yo. Se lè li te kanpe deyò, mwen te wè bon jan otè’l; tablo sila te fè mwen sezi anpil.
44. Se konsa, mwen mande zanj lan: "Ki moun sa yo ye".
45. Li reponn mwen: Se moun ki retire rad mòtel yo pou yo ranplase'l pa rad imòtel, se yo ki aksèpte mesaj Letènèl la. Kounnyè a yap resevwa kouwòn ak palm.
46. Epi mwen mande'l ankò: Ki moun sa, jèn gason sila ki mete kouwòn nan tèt yo e ki bay yo palm lan?
47. Se konsa, li pran lapawòl, li di'm: Se Pitit Gason Bondye a, moun yo te rekonèt lèl tap pase nan mond lan. Lè sa a, mwen te kòmanse ap felisite moun ki t'ap mache djanm ak konviksyon yo pou non Letènèl la.
48. Lè sa a, zanj la te di'm : Ale lakay ou, epi di pèp mwen tout kalite bèl mèvèy Letènèl la, Bondye ou la, ou te wè.

CHAPIT 3

1. Nan trèzyèm ane apre demantèlman vil Jerizalèm lan, mwen, Esdras, jwenn mwen nan vil Babilòn. Mwen te fenk kouche sou kabann mwen, tout kòm te kouvri eksèpte figi'm, mwen te boulvèse ak panse yo ki te vini nan lide'm.
2. Paske mwen te wè dèstriksyon Zion alòske te gen kè kontan, pwosperite nan Babilòn.
3. Lèspri'm te souke anpil, epi mwen te kòmanse pale sovajman ak Letènèl la.
4. Seyè mwen, Bondye mwen, mwen di'l: eske se pa te ou e ou sèlman, ki nan komansman di pawòl yo ki te bay mond lan fòm li genyen?
5. Ou te bay pousyè ki nan tè a lòd epi kò mòtèl Adam te parèt san vi; ou bay fòm ou te vle a, ou soufle sou li epi kò vivan te kanpe devan ou.
6. Ou prezante'l nan jaden an ke men ou te plante anvan kreyasyon tè a.
7. Ou te ba'l yon lòd jis ke li dezobeyi. Lè sa a, ou mete lanmò sou do'l ak pitit pitit li. De li, te soti nasyon, tribi, pèp, ak fanmi yo, nan yon kantite enkalkilab.
8. Tout moun sa yo te mache chak selon volonte'l; yo peche devan ou, yo bafoue ou, malgre tou, ou pa fè yo sispann.
9. Lè sa a, nan moman sila, ou te voye inondasyon an kont tè a ak kont moun ki rete nan mond lan pou yo kapab mouri.
10. Pinisyon an te egal pou tout moun jan ou voye lanmò a kont Adam, se konsa ou te voye inondasyon an kont yo.
11. Ou te sove yon sèl moun, se Noah ak fanmi'l. Se de li te vini tout moun k'ap mache dwat la.
12. Lè moun ki te viv sou tè te fenk kòmanse grandi ak miltipliye, pitit pitit yo te vinn anpil, te gen pèp, te gen nasyon, lè sa a yo rekòmanse peche pi mal kavan.
13. Kòm yo te fè sa ki mal devan ou, ou chwazi youn nan yo ki rele Abraram.
14. Ou te renmen'l, epi, lè ou te pou kont ak li ansanm, nan mitan lannwit la, ou te fè'l wè, pou kont li, nan fen tan an, kijan mond lan ap fini.
15. Ou te fè avè'l yon alyans etènèl ke ou pap janm abandone pitit li a. Ou te bay Isaac e ou te bay Isaac, Jacob ak Essau.
16. Ou chwazi Jakòb; ou ekate Essau; Jakòb te papa yon gwo foul moun.
17. Ou akonpaye desandan'l yo ki te soti kite peyi Egypt, epi ou mennen yo sou mòn Sinai a.
18. Ou fè syèl la vinn piba, ou sekwe tè a, ou ebranle mond lan, ou souke gwo twou san fon an, ou tounen kreyasyon tèt an ba.
19. Tout bèl pouvwa ou te pase kat pòt: nan dife, nan tranblemantè, nan gwo van an, nan lagrèl, epi ou te bay Izrayelit yo, ki soti nan timoun Jakòb yo, prèskripsyon lwa ou.
20. Ou pa retire move kè yo, pou ou ta pèmèt ke lalwa ou donnen.
21. Dayè, premye moun an, Adam, li te posede yon kè move, li pat siviv pou peche'l ; pa sèlman li, men tout moun ki te fèt apre'l.
22. Se konsa, feblès sa a rete rasi. Menm kant lalwa ou te nan kè pèp ou a; la, te gen tou yon rasinn pòv; se sa ki fè byen an disparèt alòske mal la rete.
23. Jou yo pase, lè moman te rive, ou mete djanm sou de pye'l yon sèvitè ou yo te rele David.
24. Ou di'l bati yon vil kap pote non ou, epi kontinye fè menm jan an sakrifis yo pou ou.
25. Se konsa sa te fèt pandan lontan. Anpil jou pase, anpil lanne te pase; moun kap viv nan peyi sa a fè sa ki mal.
26. Yo te aji tankou Adam ak pitit pitit li yo. Pa't gen pèsonn ki te fè byen paske machanste te donnen nan kè yo.
27. Se te konsa ou livre pwòp vil pa ou bay lènmi an.
28. Jou sila, mwen di tèt mwen: Fò posib, moun ki rete lavil Babilòn aji pi byen, se rezon sila ki fè yo konkeri vil la nan peyi Zion.
29. Lè sa a, lè'm te vinn isit la, mwen te wè plis peche ke mwen te kapab imajine; Mwen te wè anpil mechan pandan 30 ane ak pwòp jem.
30. Kè'm te kase, lè mwen wè kijan wap pwoteje moun k'ap fè peche, kòman ou epaye moun ki pa rekonèt okenn dye; kòman ou detwi pèp ou alòske ènmi ou yo ou pwoteje yo.
31. Ou pa te bay pèson okenn fason pou yo konprann jan wap aji la. Èske Babilòn pi bon pase Zion ?
32. Mete pèp Izrayèl dekote, èske gen yon lòt nasyon ki te konnen ou? Ki tribi ki te kwè nan lalwa ou la tankou tribi Jacob yo kwè nan lalwa ou la?
33. Rekonpans la pa te parèt pou doulè yo te sipote; santans li pa te fè fwi. Mwen te vizite anpil nasyon, epi mwen te jwenn kè kontan alòske yo janmen mansyone ni lalwa ou ni kòmandman ou yo.
34. Peze nan balans peche nou yo, epi fè menm jan an pou sa yo ki rete nan mond lan, se konsa na wè kote balans lan panche.
35. Ki lè moun sa yo ki abite mond lan pa te fè peche devan ou? Oswa, ki moun ki te kenbe kòmandman yo?
36. Wap jwenn pami yo kèk non nan moun ki te obsève kondisyon ou, men, ou pap jwenn yon pèp.

CHAPIT 4

1. Zanj lan ki te nan misyon pou te pale ak mwen, non li se Uriel. Li reponn
2. Wap pèdi tan, nan chache èsplike mond lan; èske vrèman ou vle konprann jan Letènèl aji?
3. Wi, Seyè, mwen te di'l. Li te di mwen li te gen misyon pou montre'm twa fason mond lan fonksyone epi li komanse ak twa parabòl.
4. Si ou èksplike'm youn nan yo, alò mwen va reponn kesyon ou konsènan ajisman Letènèl la, epi mwen pral revele bay ou poukisa kè lèzòm tache ak mechanste.
5. Pale non, Seyè, mwen te di. Li reponn: "Ale pese pou mwen yon liv dife, mezire pou mwen yon touf van, oubyen fè sak pas nan yon jounen repase ankò.
6. "Kòman ou ka mande'm sa, alò ke nanpwen moun sou tè a ki ka fè'l, mwen te reponn li?
7. Li te di'm: Sipozon mwen te mande ou, konbyen abitasyon genyen nan mitan lanmè a? oubyen, konbyen kouran dlo pou ranpli pwofondè'l? oubyen konbyen sous dlo anwò nan tèt syèl la? Kote wout la pou soti nan kavo a ? wout la ki mennen nan paradi ?
8. Ou petèt ap reponn : mwen pate janmen ale nan pwofondè a, mwen pat janmen desan nan tonm, mwen pa konnen wout syèl la.
9. Men, mwen te sèlman pale ou de dife, van an, ansanm ak dènye jou a, bagay ou viv oubyen sa ou rankòntre nan chemen ou. Ou pate kapab banm yon repons.
10. Li ajoute : Si ou pa kapab konprann bagay wap viv ak yo chak jou.
11. Kouman ou te kapab konprann kijan Letènèl ki anwo nan syèl la, aji ? Paske lè mond kowonpi a trennen ou nan chemen li, ou pa ka konnen wout, moun ki sove kowipsyon, te pase.
12. Lè'm te tande pawòl sa yo, mwen tonbe fas kont tè a, epi mwen di : Apa pito nou pat janmen kreye, olye ke nap viv nan peche, nan soufrans san nou pa konnen rezon ki fè sa.
13. Zanj lan reponn mwen : "Mwen te ale nan forè a, lè sa a, pyebwa yo te nan yon konsèy, yo tap mangonmen yon plan
14. Se te konsa yo te deside pou yo ansanm mache batay kont lanmè a, pouse'l devan pousa yo gen plis èspas pou forè a.
15. Menm jan an tou, vag yo nan lanmè a pran desizyon : Vini mete tèt nou ansanm, ann'al fè lagè nan forè, sa va pèmèt nou gen plas pou yon lòt lanmè.
16. Plan pyebwa yo echwe, paske dife a rive, li devore forè a.
17. Menm jan an tou, pwojè vag yo, nan lanmè a, pat ka derape, paske sab latè a fè yo imobil.
18. Si ou te jij la, kilès nan yo ou ta bay rezon, kilès ou ta bay tò, oswa ke ou ta blame ?
19. Mwen reponn : "tou lède gen tò, plan yo enposib paske tè a te la pou sèvi forè yo tou kòm lanmè a la pou pote vag li yo.
20. Wi li reponn mwen, jijman ou an bon, alò poukisa ou pa kapab fè menm jijman sila pou kesyon pa ou yo?
21. Menm jan latè a se pou pyebwa yo li ye, menm jan tou lanmè a se pou vag yo li ye, alò lèzom sou latè ka konprann sèlman bagay terès yo, se konsa, nou kap viv nan syèl kapab konprann fenomèn anwo nan syèl la ak sipra-selès yo.
22. Men di'm, Seyè mwen, poukisa mwayen konprann yo te ban mwen an.
23. Kesyon mwen pa konsène syèl la, men sou sa kap pase chak jou douvan jem. Poukisa pèp Izrayèl la te egziste, sèlman de non, nan mitan Gentiles yo. Poukisa moun ou te renmen te vinn twouve yo anba lòd nasyon ki pa kwè nan okenn dye ; règleman ansyen paran nou yo pat egziste ankò epi pat gen kontra sou papye.
24. Nou pase nan mond sa a kòm sotrèl kap vole ; lavi nou, se tankou yon vapè epi nou pa gen pitye Letènèl la alò ke nou pote non li.
25. Kisa li pral fè pou nou, se te kesyon mwen sa.
26. Li reponn :" Si ou siviv ou va wè ; si wap viv long ase ou pral emèveye, chak bagay gen tan pa yo, paske moman sila ap fini rapidman ;
27 Li ranpli ak chagren ak defo, li chaje twop pou’l ta manyè pèmèt moun ki ap mache dwat yo jwi lè moman an vini.
28. Mal la, ki te sijè konvèsasyon nou, te twouve’l plante, men rekòt la pokò rive.
29. Osilontan ke move pwodwi a ki te simen pa te rekòlte menm jan’l te plante, joukaske tè a, kote li te simen, te disparèt, alò jaden an, kote bon an te simen, li pokò ap parèt.
30. Yon move grenn te simen nan kè Adam, depi kòmansman tan an. Se pa degrenn peche li te deja pwodwi !Se pa ti ogmante, yo pral ogmante jouk rekolt la va bout.
31. Reflechi byen, oumenm, si yon move grenn nan te pwodwi sitèlman fwi nan peche,
32. Ki jan vast rekolt la va ye, lè bon semans te fèt ankantite.
33. Mwen te koupe'l lapawòl pou'm di l: alò ki kan, e nan ki moman sa pral rive paske jou nou yo pa anpil, anplis de sa, nap mennen yon vi mizerab?
34. Li te reponn mwen : Se pa dwa'm pou'm pi prese ke Letènèl la. Wou prese pou tèt pa ou sèlman ; Bondye tou Pisan an, se yon pi plis moun lap tann.
35. Eske se pa kesyon sila nanm moun ki jis ki nan depo genyen : "Konbyen tan ankò nou pral isit la ? Ki lè sezon rekòt pral kòmanse, ki lè nap gen rekonpans nou an ?
36. Zanj lan ki rele Jeremiel reponn : "Lè kantite moun ki tankou noumenm yo va okonplè."
37. Paske Letènèl la peze mond la nan yon balans ; Li mezire epi li bay syèk yo yon nimewo. Li pap deplase anyen, li pap chanje anyen jiskaske nimewo lap tan nan parèt.
38. Mwen reprann : Seyè mwen an : isit la nou tout chaje ak peche.
39. Eske se petèt akòz nou, akòz peche lèzom, mwason an ak rekonpans jis yo ranvoye ?
40. Ale, li di mwen, mande yon fanm ansent si, lè nèf mwa bout, matris li ka kenbe sa ki te fòme a.
41. Mwen di'l : Seye mwen, se pa posib. Alò li konkli : Anfè a, tou kòm depo nanm moun ki jis yo nan tout syèk pase yo, se tankou matris la.
42. Menm jan fanm lan, nan bay nesans, enpasyan pou wè'l fini ak doulè a, se menm jan tou, tè a li pral prese mete deyò moun ke li te reskonsab yo depi nan konmansman mond lan.
43. Lè sa a, tout kesyon ou genyen pral eksplike.
44. Mwen di : "si se posib pou ou pale e mwen poum konprann, eske ou ka fè mwen yon favè ankò.
45. Eksplike'm sa ki pi long, tan an kap vini an oubyen tan an ki deja pase a?
46. Paske sak pase mwen konnen yo, men mwen iyore sa kap vini.
47. Li di'm: vinn kanpe adwat mwen, ou pral wè yon vizyon e èksplikasyon'l mwen pral bay ou li.
48. Se konsa mwen te kanpe, epi douvan jem ap pase mwen wè yon gwo boukan dife. Lè flanm dife a pase, lafimen an te rete.
49. Apre sa, yon gwo nwaj plen ak dlo pase devan mwen li jete yon gwo lapli, lè lapli a te pase kèk goutlèt dlo te rete.
50. Reflechi sou sa, li di'm : Delij la ranpli plis èspas ke goutlèt dlo yo, dife a plis ke lafimen an. Se menm jan sak te pase te kouvri plis tan ke sa ki pral fini yo; Sak rete konnyè a, se sèlman lapli a ak lafimen.
51. Mwen souplye'l, mwen te di'l : Èske mwen ap viv pou'm wè jou sa yo ? Ki sa kap pase antretan ?
52. Li te di mwen : "Mwen kapab ekspoze ou kèk siy nan sa ou mande'm yo, men sou longè lavi ou, se pat nan misyon'm pou'm te pale ak ou de li, dayè mwen pa menm konnen'l.

CHAPIT 5

1. Kounnyè a, konsènan siy yo: ap gen yon moman, moun kap viv sou tè a ap tonbe nan panik, verite a pral kache ansanm ak tout konfyans yo nan Bondye pral pèdi, fwa yo pwal diminye.
2. Enjistis la ap pi mal ankò pase sa ou te wè ak tande.
3. Peyi sila ke ou wè kounnyè a, kap gouvene mond lan, ap vini tounen yon dezè san chemen, fatra ap gaye toupatou pou moun ka wè.
4. Apre twazyièm pewiod la, si Letènèl la akòde ou la vi, wap wè konfisyon simen toupatou. ; toudenkou solèy la ap klere pandan lannwit lan tandiske lalinn lan pandan lajounen.
5. San pral koule soti nan pyebwa a; wòch pral pale; nasyon yo pral tonbe nan konfizyon tankou zetwal yo menm, yo pral pedi wout yo.
6. Yon wa, abitan kap viv yo pat renmen, li pral monte nan twònn nan; menm zwazo yo ap kite tè a.
7. Lanmè Mòt ap bay pwason epi lannwit pral gen yon vwa tout moun ka tande men anpil pap rekonèt li.
8. Dezòd pral boujonnen nan anpil peyi, sityasyon kaotik, boulvèsman sila pral bay dife rapidman; bèt sovaj yo ap kite kanton yo; fanm, nan peryòd yo, pral akouche monst sou latè.
9. Dlo dous yo ap vinn gen disèl; toupatou zanmi ap vinn lènmi; lè sa a, pap gen moun lèspri ankò, bon konprann yo pral rete nan kache.
10. Anpil moun pral chaje yo, men yo pap twouve yo; vis ak peche ap fini pa anvayi latè.
11. Yon vil mande vwazen li: "Eske genyen Jistis oswa yon sèl moun ki pratike lajistis nan mitan nou? Non, li reponn.
12. Nan tan sila, lèzòm ap debat pou tann espwa, men yo pap janm wè'l; yo pral marye epi yo pa pral kontan; yo pral travay ak tout kouraj yo, men plan yo pa pral reyisi.
13. Se siy sa yo ke mwen te nan misyon pou montre ou. Men retounen nan lapriye, kontinye kriye ak jene pandan sèt jou ; lè sa a, wap tande lòt siy ki pi grandyoz ke konnyè a.
14. Apre sa, mwen leve briskeman, kò mwen tresayi, nanm mwen te nan lapenn, mwen te pedi fòs.
15. Se konsa zanj ki te vini an, li pale ave'm, ban mwen sipò ak fòs ki te pèmèt mwen kanpe sou de pye'm.
16. Jou apre a, nan lannwit, Phaltiel, lidè pèp la vini kote'm: Ki kote ou te ye e poukisa figi ou tris?
17. Eske ou pa konnen pèp Izrayèl, lè li te emigre, li te plase sou rèskonsabilite ou.
18. Leve non; nouri tèt ou. Pa abandone nou tankou gadò mouton yo ki abandone mouton'l anba men lou sovaj yo.
19. Mwen reponn : "Kite'm sèl pandan sèt jou apre sa, ou mèt vini jwenn mwen, m'a pale avèk ou. Li te kite'm.
20. Mwen rete ap jene pandan sèt jou, mwen te gen lapenn, mwen tap kriye, jan zanj Uriel te egzije a.
21. Yon fwa ankò, apre sèt jou sa, panse yo nan kè'm te banm anpil lapenn.
22. Lèspri Bondye a, nan bon konprann, te mete sajès nan nanm mwen, epi mwen te kòmanse pale ankò ak Letènèl la.
23. Seyè, Bondye mwen, 'Mwen te di, ou te chwazi pye rezen, li sèl, pami tout rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki nan mond lan.
24. Nan tout tè yo nan mond lan, ou te chwazi yon pasèl ; nan mitan tout flè yo nan mond lan, ou te chwazi yon lilli.
25. Nan tout fon lanmè yo, ou te plen kouran pou tèt pa ou, nan tout lavil yo ki te bati a, ou te mete apa pou ou Zion.
26. Nan tout zwazo yo ki te kreye, ou te bay yon non li: pijon; nan tout bèf ki te kreye, ou te mete apa pou ou mouton.
27. Nan tout enkalkilab nasyon yo, ou te adòpte yon pou tèt pa ou e pèp chwazi sila ou bay yo lalwa ke yo tout te apwouve.
28. Epi, kounnyè a, Seyè, poukisa ou lage pèp sila nan mitan tout lòt yo ? Poukisa ou meprize sèl rasinn sila plis pase lòt yo epi ou dispèse pwòp pèp ou nan mitan ord payen yo ?
29. Moun sa yo ki rejete lalwa ou te pilonnen anba pye yo pèp ki nan alyans ou yo.
30. Si ou te rayi pèp ou a konsa, pinisyon yo ta dwe soti nan men ou.
31. Lè'm te pale pawòl sa yo, zanj lan ki te vinn jwenn mwen nwit pase a te gen kòm misyon pou li pale ak mwen ankò; epi li di m.
32. Koute'm, li di, mwen pral ba ou entriksyon; prete'm zòrèy ou byen, mwen pral di ou anpil lòt bagay.
33. Pale, Seye mwen, mwen reponn. Li di'm: kè ou ravaje anpil, parapòt a jan ou remen Izrayèl. Eske ou renmen Izrayèl plis pase sa ki kreye li a?
34. Non, Seyè, mwen reponn, men tritès fòse'm pale ; kè mwen ap dechire chakfwa map eseye konprann ajisman Letènèl, sonde wout li pase nan jijman li yo ;
35. Li di'm: " Sa, se pa posib". - Poukisa? Seyè, mwen te mande'l. Poukisa pou'm te fèt. Poukisa zantray manman pat tonm mwen; lè sa a, mwen pata viv doulè nan Jacob ak lapenn nan pèp Izrayèl la.
36. Li te di'm: Konte jou sa yo ki poko rive a; kole goutlèt dlo yo, fè reviv flè sa yo ki te finn chèch nèt la.
37. Louvri depo a epi libere van yo ke'l te kenbe; oubyen bay yon vwa fòm li; Lè sa a, mwen va reponn kesyon ou yo konsènan jijman Izrayèl yo.
38. Seyè, mèt mwen an, mwen te di: Eske gen moun ki gen konèsans sila, sinon ke Li ki pa rete nan mond sila.
39. Mwen menm se yon inyoran kouman mwen ka reponn kesyon ou an?
40. Li te kontinye : menm jan ou pa ka fè yon nan sa mwen mande ou, se konsa tou ou pap kapab konprann jijman mwen yo, oubyen penetre pwofondè rezon ki kache nan lanmou ke mwen te pwomèt pèp mwen an.
41. Seyè, Bondye mwen, mwen te di, pwomès ou se pou moun kap viv jouk nan fen tan an ; men ki sa ki sere pou moun ki anvan nou oubyen pou noumenm oubyen pou moun ki mache dèyè nou ?
42. Li di mwen : Mwen te fè jijman mwen kòm yon sèk, se konsa ke moun ki vini dènye yo pa an reta, menm jan tou moun ki vini an premye yo pap devan.
43. A pawòl si la mwen di'l: Èske li pat posib ke ou kreye tout moun, moun ki te vini anvan nou, moun ki swiv nou, moun kounnyè yo, ansanm menm moman an? Lè sa a ou ta fè jijman ou la ak mwens reta.
44. Kreyati a pa gen dwa pou li mache prese plis pase Kreyatè a, li te di'm; paske mond lan pa tap kapab pote moun ki te kreye nan li.
45. Seyè, poukisa ou di sèvitè ou ke ou pral leve vivan ankò nan yon fwa moun ou te kreye; si ou fè sa, mond lan pral twò piti. Si sa posib pou tout moun ansanm viv menm moman an ak sipò mond lan, alò li te kapab sipòte tout moun ansanm.
46. Poze kesyon ou an tèm matris yon fanm, li reponn -Ale, di yon fanm, "Si ou fè dis timoun, poukisa ou pote yo ane pa ane? Poukisa ou pa mete tout dis yo nan menm moman an.
47. No, Seyè mwen, li pa ka fè sa, mwen di, nesans yo dwe gen entèval.
48. Vrèman, li reponn, mwen te fè matris tè a pou moun vini ladan pa entèval.
49. Menm jan yon timoun tankou yon fanm ki te gen laj pa kapab bay nesans, se konsa ak menm chema sila mwen te kreye mond lan.
50. Mwen kontinye kesyon mwen yo. Kòm ou vini sou sijè sila, mwen di, mwen ta renmen mande ou eske manman nou wap pale de li li jenn toujou oubyen li antre nan laj.
51 Li reponn mwen :
52 Mande nenpòtkèl manman poukisa pitit yo li mete sou tè a resamman pa menm ak sak te fèt avan yo, men pi piti. .
53 Lap di ou, pitit ki fèt ak tout vigè jenès mwen, yo diferan de sak fèt konnyè a, nan laj avanse mwen an, kant zantray mwen kòmanse ap pèdi fòs li.
54. Pou sa ki konsène ou, ou konnen byen, ou enferyè nan fòs devan moun yo ki te vini anvan ou.
55. Moun ki vini apre ou yo pral pi ba; Se menm bagay la pou sa ki te kreye ak sak te egziste, depi li te pèdi fòs jenès li.
56. Mwen te reprann: Seyè, fè'm favè sa a si mwen te jwenn favè nan je ou, di sèvitè ou pa ki ou pral vizite mond lan.

ALE NAN LÒT PAJ LA: CHAPIT 6
OUBYEN
TOUNEN NAN MENI AN